Accessibility links

Breaking News

Ban Ki-moon ak Otorite Lachin ap Abòde Sitiyasyon an nan Siri


Sekretè Jeneral Nasyon Zini an, Ban Ki-moon, sou wout pou li ale nan vil Peken, kapital Lachin, nan moman Konsèy Sekirite a genyen devan n 2 pwojè-rezolisyon depaman sou sitiyasyon an nan Siri.

Sou pwogram vizit Misye Ban nan, nou wè li pral fè chita-pale avèk, antwòt, prezidan chinwa-a, Hu Jintao. Chèf l’ONU an ap fè vwayaj sa a nan moman jounal ofisyèl chinwa a, Kotidyen Pèp la, fè parèt yon atik kote li rejte tout entèvansyon etranje nan sa kap pase nan Siri a.

Yon lòt kote, sitiyasyon an nan Siri reprezante yon tèm-kle nan rankont kap dewoule madi 17 jiyè a nan Moskou ant Prezidan Vladimir Putin ak anvwaye espesyal l’ONU/Lig Arab la, Kofi Annan. Jiskaprezan Lachin ak Larisi poze veto yo sou tout rezolisyon Konsèy Sekirite a te vle adopte pou li mete sanksyon ki pi sevè sou do Siri.

Chèf diplomasi ris la, Sergei Lavroff, defann pozisyon peyi li ak deklarasyon sa a:

“Nou pap apiye prezidan Bashar al-Asdad. Nou apiye sa tout moun te mete yo dakò pou yo fè: sètadi nou apiye plan Koffi Annan nan, rezolisyon Konsèy Sekirite a avèk Kominike Jenèv la. nou apiye tout dokiman sa yo nan totalite yo.”

Pandansetan, Fawaz Zakri, yon manm Konsèy Nasyonal Siryen an --yon gwoup opozisyon siryèn nan ki baze nan peyi Tiki- pale pou l di li rete kwè chèf diplomasi ris la ap eseye fè tan pase an favè Prezidan al-Assad.

Misye Zakri deklare:

“Daprè jan misye Lavroff f pale a, l ap eseye bay rejim siryen an plis tan pou afè a pa ale devan Konsèy Sekirite a. Sa fè plis pase 90 jou depi gouvènman siryen an te di li aksepte plan Annan nan. Men, li pa fè anyen pou l mete plan sa a an aplikasyon.”

Yon pwojè-rezolisyon, ki gen apui peyi La Grand Bretay, Lafrans, Lalmay ak Lèzetazini, mande pou l’ONU renouvle misyon obsèvatè yo nan Siri pou 45 jou, avèk menas pou

Konsèy Sekirite a ranfòse sanksyon yo sou Damas si rejim siryen an pa sispann itilize zam lou pou l atake rebèl yo ak sivil yo; tandiske yon lòt rezolisyon Larisi patwone, mande renouvle prezans obsèvatè yo pou 90 jou san menas sanksyon.
XS
SM
MD
LG