Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama Lanse yon Pinga bay Prezidan Siryen an Kont Itilizasyon Zam Chimik


Prezidan Etazini an, Barack Obama, bay Siri avètisman kont itilizasyon zam chimik. Lide ameriken an di sa t ap yon erè trajik. Mesye Obama te pran lapawòl nan konvansyon ansyen konbatan yo ki t ap dewoule nan vil Reno nan eta Nevad nan lwès Etazini len 23 jiyè a.

Mesye Obama di Prezidan Bashar al-Assad ap gen pou l ran kont si nasyon ni an sèvi ak gaz anpwazonnen oubyen ak lòt zam chimik motèl:

"Jodi a, n ap travay tou pou yon tranzisyon pou pep siryen an ka gen yon pi bon avni, lib de rejim Assad la. E ak pil depo zam chimik rejim sa a genyen yo, nou pral kontinye fè li klè pou Assad ak moun ki nan alantou li yo ke le mond ap gade, e kominote entènasyonal la ak Lèzetazuni ap mande pou yo rann kont si yo ta fè erè trajik sa-a pou yo utilize zam sa yo.

Minis afè etranjè Siri deklare gouvènman an pap janm sèvi ak zam chimik kont pwòp pèp li, men li ka lage yo dèyè anvayisè etranje.

Premye minis izrayelyen an, Benjamin Netanyahu, deklare dimanch ke li gen anpil kè sote sou ki sa ki ka rive ak depo zam siri yo si gouvènman Assad la tonbe. Li ajoute lame izrayelyen nan prepare pou l aji si zam siryen yo tonbe nan men Hezbollah oubyen lòt militan islamik.
XS
SM
MD
LG