Accessibility links

Breaking News

Siri-Vyolans: Gwo Batay ap Kontinye nan vil Alèp


Militan opozisyon an fè konnen gouvènman an voye ranfò militè nan vil Alèp, kote goumen fewòs ap kontinye ant rebèl yo ak fòs gouvènmantal yo pou yon 5èm jounen youn apre lòt.

Obsèvatwa Siryen pou Dwamoun nan, ki gen baz li nan vil Lond, nan peyi Langletè, deklare batay ap dewoule mèkredi 25 jiyè 2012 la, nan plizyè katye nan vil Alèp kote sòlda gouvènman an ap sèvi ak elikoptè.

Daprè obsèvatwa a toujou, omwen 8 moun pèdi lavi yo anba gwo koutzam lou ki tonbe sou pwovens Alèp, Hama avèk Idlib.
XS
SM
MD
LG