Accessibility links

Breaking News

Nasyon Zini Blame 2 Pati yo nan Siri pou Vyolasyon Dwamoun


Pi gwo otorite Nasyon Zini pou afè dwamoun, direktris ajans l’ONU pou kesyon dwamoun, Navi Pillay, pale pou l di vyolans la ap ogmante nan Siri paske tou 2 pati yo kontinye resevwa zam e sa dwe sispann.

Pandan Madam Pillay t ap pale lendi nan New York, li di ni gouvènman siryen an, ni opozisyon an reskonsab pou anpil vyolasyon dwamoun; li akize fòs militè k ap defann rejim Prezidan Bashar al-Assad la deske yo ouvè kout zam san gade dèyè sou sivil ak lopital, mete sou move zak tankou vyòl, zak-kraze zo ak move tretman yo fè manm opozisyon an sibi jiskaske yo touye yo.

Sepandan chèf ajans l’ONU pou dwamoun nan fè konnen tou konbatan opozisyon an touye moun yo sispèk k ap bay gouvènman an enfòmasyon, epi yo itilize bonm atizanal yo plase arebò wout, e bonm sa yo pran lavi sivil.

Madam Navi Pillay deklare :
“Tout estatistik nou prezante fè sitiyasyon sa a tounen yon sitiyasyon ki tonbe nan kategori “konfi ame entènasyonal”. Kidonk, nan yon ka konsa, nou dwe aplike dwa imanitè entènasyonal ak lwa entènasyonal ki reji krim kont limanite. Nou dwe pran an konsiderasyon responsablite ak obligasyon gouvènman an genyen pou l pwoteje sivil yo.”

Pandansetan, kèk gwoup opozisyon an nan Siri rejte vèsyon yon plan tranzisyon politik lidè mondyal yo adopte nan yon konferans ki dewoule lendi nan vil Jenèv, an Swis. Yo pa kontan ak yon pati nan plan an Larisi apiye e ki prevwa pou Prezidan al-Assad kontinye jwe yon wòl nan vi politik peyi a. Lidè opozisyon an di yo konsidere yon plan konsa kòm yon komedi.

Sepandan, nan Depatman Deta, pòtpawòl Victoria Nuland di se yon apèl ki ale jwenn tout sitwayen sireyen –san bliye manm lame peyi a ki pa fin alèz kounyela a pou yo kontinye apiye rejim Assad la.

Pòtpawòl Nuland fè konnen:
“Plan sa a mande fòmasyon yon gouvènman tranzisyon ki ta kapab genyen ladan n reprezantan tout sektè politik; men se tout pati konsène yo ki pral antann yo sou nominasyon manm yo. Alòs, daprè nou menm – e Sekretè Deta a te pale klè sou sa lè nou te nan Jenèv-- pa genyen oken mwayen pou Assad, pou patizan li yo ni okenn moun ki gen san sou men yo, satisfè kondisyon ki nesesè pou yo jwenn apwobasyon pati konsène yo.”

Pandansetan, nan vi Lekèr, kapital Lejip, chèf Lig Arab la, Nabil Elaraby, lanse apèl pou l mande inite pami manm opozisyon an. Misye Elaraby ap prezide yon rankont 2 jou ki reyini 250 manm opozisyon siryèn nan.
XS
SM
MD
LG