Nan peyi Siri, ajans nouvèl leta a, SANA, fè konnen sa li rele «yon gwoup teworis ame » touye 3 moun nan yon atak yo lanse sou yon estasyon televizyon kap defann gouvènman an –tout viktim yo se anplwaye televizyon an.
Daprè ajans nouvèl la, swadizan teworis yo te mete eksplozif nan biwo estasyon televizyon an byen bonè jodi mèkredi a, men li pa di kijan anplwaye yo mouri.
Gouvènman siryen an abitye sèvi ak ekspresyon « teworis ame » pou l deziye rebèl ki nan tèt mouvman leve-kanpe ki sou pye kont rejim Prezidan Bashar al-Assad la ki sou pouvwa a depi preske 12 zan. Minis enfòmasyon siryen an, Orman al-Zoubi, te abòde ensidan an yon ti moman aprè atak la fin dewoule.
Li deklare :
“Yo komèt bon jan asasina lè yo touye jounalis ak fonksyonè piblik siryen nan building sa a, lè yo touye gad sekirite ak anplwaye kap travay nan resepsyon estasyon an. Sa k rive maten an, se yon veritab masak.”
Bò kote pa li, Prezidan Bashar al-Assad te pran lapawol madi 26 jen 2012 la devan yon nouvo kabinè ministeryèl, nan moman mouvman leve-kanpe a rive sou 15èm mwa li. Li ensiste sou sa li konsidere kom yon nesesite pou gouvènman an fikse atansyon li sou lit kont rebèl yo.
Prezidan al-Assad di:
“Tankou mwen te di sa devan asanble pèp la, nap viv nan yon «état de guerre”, yon veritab «état de guerre » nan tout aspè mo a. E lè nap viv nan « yon état de guerre », nan tout politik nou, nan tout desizyon nap pran, e nan tout biwo gouvènman an, nou fèt pou santre atansyon nou sou efò ki dwe fèt pou n ranpòte lagè sa a.”
Militan dwamoun yo te rapòte madi lame siryèn nan te vide gwo kout zam lou sou divès zòn rebèl yo kontwole o zalantou kapital la, Damas; se pou la premyè fwa lame atake zòn sa yo. Se konsa tou, militanyo di goumen dewoule nan lòt vil tankou Daraa, Homs ak Deir Ezzor, san bliye pwovens Hama ak Idlib.