Komite Entènasyonal Kwa Wouj fè konnen vyolans k ap dewoule nan Siri vin bloke efò li t ap fè pou l deplase moun ki blese nan vil Homs, kote batay yo pa sispann.
Rabab al-Rifai, yon pòtpawòl Kwa Wouj Entènasyonal, deklare ekip li a te eseye antre nan katye Hamidiya, kote konfwontasyon yo fè gwo dega, men li te oblije kase tèt tounen lè l te rive nan zòn kote goumen yo ap dewoule.