Accessibility links

Breaking News

Siri: Yon Oganizasyon Dwamoun Pibliye yon Rapò ki di Gouvènman an Itilize Vyolans Seksyèl sou Timoun


Gwoup dwa zimen Human Rights Watch fè konnen fòs gouvènmantal siryen yo itilize vyolans seksyèl pou maspinen gason, fanm ak tigason ke yo kenbe pandan 15 mwa leve kanpe k ap fèt nan peyi a kont gouvènman prezidan Bashar al-Assad la.

Gwoup sa a ki baze nan Nouyòk soti yon rapò kote yo di sòlda ak milisyen ame ki an favè gouvènman an abize seksyèlman fanm ak ti fiyèt ki gen 12 zan konsa. Gwoup la presize rapòl la baze sou entèvyou li fè ak ansyen prizonye ki dekri abi yo sibi ak zak maspinay ki pase anba je yo tankou vyòl, maspinay ak chèz elektrik.

Obsèvatè Nasyon Zini debake nan vil Al-Haffeh jedi 14 jen an apre fòs gouvènmantal finn desitire militan opozisyon nan zòn nan, e nan moman anvwaye spesyal siryen nan Moskou rejte kategorikman nouvèl kif è konprann Larisi ap founi elikoptè konba bay Siri.

Minis afè etranje ris la Sergei Lavròf demanti tou nouvèl ki fè konnen kòmkwa Larisi, yon alye kle Damas, ap konsidere yon plan politik ki gen ladann depa Prezidan Assad sou pouvwa a nan Siri
XS
SM
MD
LG