Accessibility links

Breaking News

Rankont Prezidan Obama ak Prezidan Putin sou Sitiyasyon an nan Siri


Prezidan ameriken an, Barack Obama, fè konnen Lèzetazini ak Larisi kapab travay pou yo bese tansyon ki egziste antre yo. Misye Obama pale konsa aprè li fin fè avèk prezidan ris la, Vladimir Putin, yon chita-pale kote yo te abòde divès kalte sijè –pami yo genyen sitiyasyon an nan peyi Siri, Iran avèk dosye komèsyal la.

2 lidè yo te kite kad Somè G-20 an, o Meksik, pou yo te fè rankont sa a lendi 18 jen 2012 la. Prezidan Obama di li menm ak Misye Putin dakò pou yo chache mete fen nan vyolans k ap sakaje peyi Siri a. Bò kote pa l, prezidan ris la di li menm ak Misye Obama rive jwenn plizyè pwen komen nan diskisyon yo fè sou sitiyasyon an nan Siri, menm si misye Putin pat tèlman vle pale de peyi sa a nan yon konferans pou laprès 2 lidè yo bay aprè rankont yo a.

Aprè chita-tande sa a ki te dire 2 zèd tan, moun pa konnen egzakteman si prezidan ameriken an rive konvenk kòlèg ris li a pou misye chache pran tèt prezidan siryen an, Bashar al-Assad, pou l kite pouvwa a.

Sepandan Misye Obama fè jounalis konnen:

"Nou dakò pou n di li nesesè pou vyolans la sispann. Fòk gen yon pwosesis politik sou plas pou evite yon gè sivil e evite tou kalte lanmò tèrib nou konstate pandan 2 zou 3 semèn ki pase yo."

Michael McFaul, anbasadè Lèzetazini nan Larisi, di li konsidere atmosfè ki te genyen nan rankont ant 2 prezidan an kòm yon klima kòdyal kote yo te byen travay ansanm. Li rejte lide ki fè konprann le fèt ke ekspresyon vizaj Misye Putin pa kite moun konnen egzakteman si l te kontan ou pa kontan rankontre ak Misye Obama, se yon siyn ki ta montre genyen tansyon nan relasyon ant Washington ak Moskou.

Anbasadè McFaul di:
“Mwen asiste anpil rankont Putin fè. Mwen gade anpil video misye. Pa gen anyen ki negatif nan rankont sa a. Se konsa misye toujou parèt ; se konsa li toujou aji. Mwen pa ta twò prese mal entèprete sa k pase la a."

Prezidan Obama remèsye Prezidan Putin poutèt kapital peyi li, Moskou, sèvi kòm syèj negosyasyon k ap dewoule kounyela a menm sou pwogram nikleyè Iranyen an. Se konsa tou, lidè ameriken an eksprime rekonesans li poutèt Larisi fasilite sikilasyon materyèl ak ravitayman militè ki pral jwenn manm lame amerikèn nan nan Afganistan.

Anfen, Prezidan Obama lanse apèl yon fwa ankò bay kongrè a pou mande li elimine yon lwa ki te pase an 1974 e ki wete Larisi sou lis prensipal patnè komèsyal Lèzetazini yo.

Daprè prezidan ameriken an, yon desizyon konsa ta pote yon gwo bourad bay echanj komèsyal kap fèt ant Lèzetazini ak Larisi.
XS
SM
MD
LG