Anvwaye peyi manm Òganizasyon Trete Atlantik Nò a ap anvizaje kijan pou yo reyaji aprè lame peyi Siri te desann, semèn pase a, yon avyon youn nan peyi-manm l OTAN yo, an palan de Tiki.
Sou demand gouvènman Ankara a, l OTAN ap fè yon rankont madi 26 jen 2012 la pou l fè konsiderasyon sou ensidan an ki, daprè Tiki, te rive pandan avyon l la te nan lespas entènasyonal. Siri di aksyon li poze a se yon aksyon lejitim defans.
Nan yon rankont eta-manm Unyon Ewop la fè lendi nan Liksanbou anvan yo asiste
reyinyon l’OTAN kap dewoule madi nan Briksèl, kapital Bèljik, chèf politik entènasyonal Unyon an, Catherine Ashton, te lanse yon apèl pou l mande yon reyaksyon limite kòm repons pou aksyon lame siryèn nan.
Madam Ashton deklare:
“Mwen pale ak minis afè etranje tik la espesyalman sou kesyon sa a. Sa ki pase a ban nou anpil kèsote. E, san di pètèt, nou pral chache wè si Tiki ka reyaji avèk moderasyon nan repons lap bay la."
Nan menm rankont Liksanbou a, minis afè etranjè ewopeyen yo te mete ansanm pou yo kondane zak lame siryèn ki desann avyon tik la; e yo dakò pou yo mande yon ogmantasyon modere sanksyon kap peze sou do Siri yo.
Se konsa William Hague, sekretè foreign office la, (swa minis afè etranjè britanik la), minimize enpòtans pawòl kap pale de yon posib aksyon militè kont Siri; paske, daprè li, li pi bon pou Inyon Ewòp la pran plis sanksyon kont Siri, e se sa menm peyi li ak lòt ankò pral chache bò kote Inyon an ak l’ONU nan 2 zou 3 semèn kap vini la yo.
Misye Hague di:
"Mwen pa kwè sa k pase a anonse yon lòt faz nan konfli siryen an. Mwen kwè sa montre nou twouve nou toujou devan danje pou konfli a kontinye e pou rejim nan chavire. Alòs, li trè zenpòtan pou n ogmante presyon an sou gouvènman Bashar al-Assad-la, e se avèk plis sanksyon pou n fè sa"
Pou sa k kosène sitiyasyon an sou teren an nan Siri, lendi 25 jen 2021 la, otorite yo nan Tiki te anonse plis manm wo-grade nan lame siryèn nan te kouri travèse fwontyè a pou yo antre sou tèritwa tik la e yo ale ranfòse opozisyon militè ki leve kanpe kont rejim al-Assad la.