Accessibility links

Breaking News

Etazini Akize Prezidan al-Assad Kòm Responsab Kriz la nan Siri


Lèzetazini kondane atak ki fèt sou yon estasyon televizyon kap defann pozisyon gouvènman an nan peyi Siri byen bonè mèkredi 27 jen 2012 la nan vil Damas.

Yon lòt kote, Washington di li espere yon rankont puisans mondyal yo pral fè nan vil Jenèv, an Swis, va ofri mwayen pou kòmanse pote yon solisyon pou konfli kap devlope depi 15 mwa deja nan Siri.

Sekretè de près Mezon Blanch la, Jay Carney –ki t ap abòde sitiyasyon an nan Siri mèkredi aprè atak ki touye 3 moun nan televizyon pwo-gouvènmantal la --fè konnen Lèzetazini kondane tout zak vyolans, san bliye zak vyolans ki fèt sou eleman k ap defann rejim siryen an.

Misye Carney deklare:

“Nou rekonèt sitiyasyon an nan Siri se yon sitiyasyon ki grav. Se rezilta lanmò trajik e innitil sitwayen sivil. Si sa rive, se paske Bashar al-Assad derefize satisfè volonte pèp la; li refize kite pouvwa a yon fason pou l bay peyi a yon chans pou l bati yon pi bèl avni. Se rezilta chwa li fè pou l kenbe pouvwa a kout ke kout, menmsi li gen pou l vèse san siryen inosan.”

Rejim al-Assad-la lage responsabilite atak ki te fèt sou estasyon televizyon an sou do militan rebèl yo; men divès kòmandan mouvman rebelyon an rejte akizasyon sa a.
XS
SM
MD
LG