Accessibility links

Breaking News

Lidè Mondyal yo Rive Jwenn yon Antant sou Tranzisyon Pouvwa a nan Siri


Lidè Mondyal yo, ki te reyini pandan wikenn nan nan vil Jenèv, an Swis, rive jwenn yon atant sou tranzisyon pouvwa a nan Siri; objektif la se mete fen nan larivyè san k ap koule depi plis pase yon lane nan peyi sa a.

Chèf diplomasi Lèzetazini an, Hillary Clinton –ki te asiste rankont la, yon rankont ki te reyini delege peyi manm Konsèy Sekirite Nasyon Zini an-- fè konnen nouvo plan an se yon sòt de vèsyon revize yon plan anvwaye espesyal l ONU/Lig Arab la, Kofi Annan te prepare. Daprè sa Sekretè Deta a di, nouvo plan kite yon plas pou Prezidan Bashar al-Assad nan avni peyi Siri.

Madam Clinton fè konnen :
"Sa nou fè la a, se elimine rèv ki ta pèmèt li menm (al-Assad) ak tout moun ki gen san sou men yo, rete sou pouvwa a. Plan an mande pou rejim Assad la kite plas la pou yon konsèy gouvènman tranzisyon ki va genyen tout otorite pou l dirije peyi a."

Pandansetan, gouvènman Larisi ak Lachin refize apiye yon pati nan plan an ki mande lou Prezidan al-Assad kite pouvwa a. Minis afè etranjè ris la, Sergei Lavrov, ak kòlèg chinwa li a, Yang Jiechi, ensiste pou yo di moun deyò pa kapab dikte yon solisyon politik pou pwoblèm ki poze nan Siri.
XS
SM
MD
LG