Otorite islamis yo nan Iran koumanse lage koukou-wouj dèyè advèsè ki eksprime kè-kontan pou lanmò Prezidan Ebrahim Raisi dimanch la nan yon aksidan elikoptè.
Repibliken yo nan Sena Etazini an bloke yon pwojè-lwa ki vize kontwole kantite migran ki rive mande azil sou fwontyè Etazini-Meksik la, pandan Lidè Majorite nan Sena a Chuck Schumer te chache ayè jedi a moutre klè rezistans pati Repibliken an kont pwopozisyon an.
Administrasyon Biden nan ap anile dèt lekòl pou 160.000 lòt etidyan nan yon konbinezon pwogram ki ekziste deja.
Depatman Jistis Etazini asiyen eta Oklahoma madi a, pou chache bloke yon lwa ki vize enpoze penalite kriminèl sou moun ki ap viv nan eta a ilegalman.
LaRisi lanse sa ki sanble yon zam lespas, e li deplwaye li nan menm òbit ak yon satelit gouvènman ameriken an, dapre Pentagòn nan.
Prezidan Etazini Joe Biden ak ansyen Prezidan Donald Trump te kontinye sou chimen yo, ayè madi a, pou yo jwenn nominasyon pati yo, pandan kèk lòt eleksyon enpòtan te vin atire anpil atansyon.
Irland, Nòvèj ak Espay, yo chak anonse jodi mèkredi a yo rekonèt yon eta palestinyen e ke yo bezwen yon solisyon 2 eta pou yon lapè dirab nan rejyon an.
Kèk manm gwoup G20 an, ki se gwoup 20 ekonomi ki pi avanse yo, ap konsidere yon pwopozisyon ki ta mete tax mondyal sou byen moun ki ekstrèmman rich yo, pwopozisyon ki pa jwenn sipò administrasyon Biden nan, se sa Sekretè Trezò Etazini Janet Yellen di ayè lendi a.
Pwosè kriminèl nan New York kont Donald Trump, premye pwosè konsa kont yon prezidan Etazini, ap mache vit pou li fini, kote yon avoka li endike ayè lendi a ke Trump pa pwal nan kare temwen an pou defann tèt li.
Prensipal Pwosekitè Tribinal Kriminèl Entènasyonal la anonse ayè lendi a li ap pare manda arestasyon pou premye-minis ak minis defans Izrayèl, ansanm ak 3 lidè Hamas nan Gaza pou krim lagè ak krim kont limanite pa rapò ak lagè Izrayèl Hamas la.
Kamyon ki pote èd ke moun nan Gaza bezwen anpil woule pou travèse yon waf flotan ke Etazini fèk bati, pou premye fwa jodi vandredi a, e konsa yo rantre nan Gaza ki anba syèj, pandan restriksyon Izrael sou pasaj fwontyè yo ansanm ak gwo batay fè li difisil pou manje ak lòt èd antre sou teritwa a.
Michael Cohen, ki te konn repare erè Donald Trump, avwe ayè jedi a ke nan ane ki pase yo li te konn bay manti youn apre lòt, kote li di yon jiri nan pwosè kriminèl nan New York kont ansyen prezidan an ke kèk fwa li te konn bay manti pou ede Trump e kèk lòt fwa pou pwoteje fanmi li.
Administrasyon Biden nan ap kreye yon nouvo pwosesis pou redwi tan ke tribinal imigrasyon yo ka pran pou deside sò migran ki fèk rive yo, soti nan kèk lane pou mete li nan 6 mwa, nan yon moman kote kesyon imigrasyon ap bay elektè yo plis enkyetid.
Otorite chinwa yo ki move kou kong pwomèt pou reponn kif-kif apre Mezon Blanch fin anonse madi a ke administrasyon Biden nan ap ogmante tarif sou kèk pwodui enpòtasyon ki ap soti an Chin, e ke li ap miltipliye pa 4 pou rive 100 pousan tarif sou oto elektrik.
Lame Izrayèl la fè konnen jodi jedi a tank izraelyen touye 5 solda izraelyen nan nò Gaza.
Prezidan demokrat Joe Biden lanse yon defi bay ansyen prezidan repibliken Donald Trump Mèkredi 15 me 2024 la pou yo fè 2 deba prezidansyèl televize nan mwa jen ak septanm, e Trump rapidman aksepte defi a.
Manifestan kont lagè Izrayèl ak Hamas la te wete tant yo ak pwòp volonte yo, madi, apre responsab inivèsite yo te antann yo pou yo pale sou kesyon don ke lekòl la ap bay Izrayèl, sa ki mete fen fasifikman nan jan de manifestasyon ke lapolis te gaye sou lòt kanpis.
Nan yon efò pou relanse faktori nan peyi Etazini, Prezidan Joe Biden anonse madi ke li ap enpoze yon gwo ogmantasyon tarif sou machin elektrik chinwa ak nouvo taks sou semi-kondiktè, selil solè ak batri lithium-ion.
Load more