Selebrasyon 25èm Anivèsè Robès Charles kòm Pè nan Florid
Otorite ameriken ak chinwa planifye yon rankont nan peyi LaSwis jodi madi a pou yo pale sou pwoblèm sekirite ki gen nan sèvi ak entelijans atifisyèl.
Tribinal koumanse chwazi manm jiri jodi lendi a pou pwosè kòripsyon kont Senatè Etazini Robert Menendez, yon dosye ki ka gen konsekans sou avni politik Demokrat la e ede detèmine ki pati ki pwal kontwole Sena a lòt ane.
Ajans l-ONU pou Refijye palestinyen an yo fè konnen jodi lendi a li estime ke preske 450.000 moun kite vil Rafah nan sid Gaza palafòs nan semenn ki pase a pandan fòs izraelyen yo ap pouse pou antre nan zonn nan.
Premye pasyan vivan ki te resevwa yon grèf ren kochon apre modifikasyon ki te fèt ladann, li mouri 2 mwa apre operasyon an, se sa lopital ameriken ki te fè li a rapòte.
Fòs Izrayelyen yo batay ak militan Hamas jodi lendi a nan nò ak Sid Gaza, pandan Ministè Sante Gaza a di gen rate gaz pou fè jeneratè lopital yo ak anbilans yo mache, e ke sa pouse sistèm medikal la nan pwen pou li kraze.
Otorite izralyen pale jodi jedi a kont desizyon Prezidan Etazini Joe Biden pou kanpe sou ekspedisyon yon chajman zam pou Izrayèl pandan gen kè-sote sou plan Izrayèl pou li laji yon operasyon militè nan Rafah, plan ke Etazini pa sipòte.
Depite liy du ameriken, madam Marjorie Taylor Greene fè kòlèg li yo sezi ayè mèkredi a lè li te mande yon vòt pou chavire lidè Chanm nan Mike Johnson. Palmantè yo rejte apèl la byen vit.
Jodi mèkredi a gen nouvo presyon entènasyonal kont ofansiv Izrayèl nan vil Rafah nan sid Gaza, kote Katar ak Inyon Afriken an ap eksprime enkyetid pou kriz imanitè a pa vin pi grav.
Izrayèl fè konnen li re-louvri pasaj "KEREM SHALOM" byen ke Nasyon zini di pa gen asistans imanitè ki reyisi antre nan Rafah. Pandan setan Kata mande kominote entènasyonal-la pran aksyon kont plan operasyon Izrayèl la nan Rafah
Wa Jòdani an Abdullah II ekzòte Prezidan Joe Biden ayè lendi a pou li “pran aksyon pou anpeche yon nouvo katastwòf” pandan Izrayèl ap pare yon operasyon atè sou vil Rafah nan Gaza.
Lame Izrayèl la fè konnen jodi madi a fòs li yo repran kontwòl pati Gaza a nan pasaj fwontyè Rafah ant Gaza ak Ejip, yon jou apre yo fin òdone dè dizèn milye Palestinyen pou yo kite zonn nan, e apre li fin lanse plizyè frap aeryen.
Almay fè konnen jodi lendi a li raple anbasadè li nan LaRisi pou fè li tounen lakay pou konsiltasyon nan Bèlen apre yon swadizan atak sou entènèt ki te vize pati politik Chanselye Olaf Scholz la.
Prezidan Etazini Joe Biden akeyi Wa Jòdani, Abdullah II, pou chita-koze jodi lendi a kote youn nan pwen ki pi enpòtan yo se pwal sityasyon an nan Gaza.
Lame Izrayèl la fè konnen jodi lendi a moun nan kèk zonn nan lès Rafah ta dwe ale nan sa lame a rele yon pwolonjman zonn imanitè a ki kounyea gen ladann Khan Younis, yon aksyon ki vini anvan yon ofansiv ke Izrayèl planifye pou li fè nan Rafah.
Depi prèske yon syèk, jounal La Prensa ap bay nouvèl pou moun Nikaragwa. Men tout ekip-la te oblije kouri kite peyi-a pou pèsekisyon, konsa medya sa-a degaje-li adapte li ak nouvo defi ki kanpe devan-l nan efò pou kenbe piblik li a enfòme. Serge F Michel pou plis Detay
Hamas fè konnen li ap konsidere ak yon « espri pozitif » yon antant pou lagè Gaza a sispann, apre l-ONU sot avèti ke rebati teritwa palestinyen ki devaste a ta mande efò ke mond la pa janm wè depi 2èm Gè Mondyal la.
Dè santèn sipòtè Izrayèl ak Gaza antre nan konfwontasyon nan Inivèsite Sydney nan peyi Ostrali jodi vandredi a, tankou se eko manifestasyon nan inivèsite Etazini yo ak boulvès Mwayenn Oryan an ki rive sou yon kanpis ki sou yon kontinan pa lòt bò mond la.
Load more