Accessibility links

Breaking News

Pwosè Kòripsyon Kont Senatè Demokrat Menendez


FILE PHOTO: U.S. Senator Bob Menendez to make first remarks following indictment
FILE PHOTO: U.S. Senator Bob Menendez to make first remarks following indictment

Tribinal koumanse chwazi manm jiri jodi lendi a pou pwosè kòripsyon kont Senatè Etazini Robert Menendez, yon dosye ki ka gen konsekans sou avni politik Demokrat la e ede detèmine ki pati ki pwal kontwole Sena a lòt ane.

Menendez, ki gen 70 lane, ap fè fas ak 16 akizasyon kriminèl, pami yo sa ki di li te touche lajan anba tab, epi aji kòm ajan etranje, e li pwal nan jijman ansanm ak 2 antreprenè eta New Jersey. Pwosè a pwal dewoule nan yon tribinal federal nan Manhattan.

Madanm senatè a, Nadine Menendez, li menm tou anba akizasyon, men yo pwal jije l apa. Tou le 4 prevni yo plede non koupab.

Jij Distri Federal Sydney Stein di kandida manm jiri yo ke pwosè a ka dire ant 6 ak 7 semenn.

Menendez, senatè ki reprezante eta New Jersey, ap chache re-eleksyon an Novanm e si li pa koupab, li espere ale dèyè yon 4èm manda men fwa sa a kòm endepandan.

--

XS
SM
MD
LG