Accessibility links

Breaking News

Senatè Menendez Mande Biden pou l Nomen yon Anbasadè Ameriken pou Ayiti


Senate Demokrat Bob Menendez pandan gala NHAEON nan nan eta New Jerze.
Senate Demokrat Bob Menendez pandan gala NHAEON nan nan eta New Jerze.

Senatè Demokrat Robert Menendez, ki reprezante eta New Jèrze nan Sena Etazini an te envite espesyal nan yon gala retrèt Asosyasyon Ofisyèl ak Eli Ayisyen-Ameriken yo te oganize pandan wikèn nan nan eta New Jerze.

Retrèt sa a te komanse Jedi 26 Janvye e li te fini Dimanch ak yon dejene lapriyè.

Pandan diskou li te pwononse devan gwoup la, Senatè Menendez te pale de Ayiti.

"Sa fè plis pase yon ane depi Etazini gen yon anbasadè an Ayiti. E sa fè plis pase yon ane depi anvwaye espesyal Etazini an te bay demisyonn. Se yon bagay ki pa akseptab. Nou bezwen yon anbasadè an Ayiti ki ka travay pou pèp Ayisyen an."

Senatè a ajoute: "Donk mwen lanse apèl piblikman pou Prezidan Biden nomen tou suit yon anbasadè pou Ayiti. Mwen mande prezidan an tou pou l deziye yon diplomat wo plase ke li ka voye nan anbasad nou an - li ka fè malèt li epi pran avyon pou al Ayiti demen. Yon moun ki ka nan peyi d Ayiti pou dirije jefo Lèzetazini ap fè a.

Senatè Menendez di lidè Sena a, Senatè Chuck Schumer ki reprezante eta Nouyok dako avèl sou pwen sa a epitou Senatè eta Illinwa Dick Durban, ki se 2èm Demokrat pi wo plase Sena Etazini an."

Menendez ajoute li konnen pi fo manm odyans la dako ak lide sa a tou.

" Li le pou Etazini ogmante jefo li vizavi vwazen li. Non selman pou Ayisyen an Ayiti men tou pou sa kap kouri pou zak vyolans yo."


Menendez te pale tou de migran Ayisyen kap chache lavi miyo Ozetazini.

" Mwen konnen li difisil pou kite peyi natif natal ou. Mwen konnen li pa fasil pou viv kom refije nan yon peyi etranje. Fanmi mwen se imigran kite kouri kite Kiba akoz zak vyolans ak mechanste diktati Kiben an. Fanmi mwen te fè anpil sakrifis pou jenerasyon nan lavni yo te ka jwi pwosperite ak libète isit Ozetazini. "

Menendez di lè fanmi li te rive Ozetazini yo te malere. Yo te abite nan yon katye defavorize nan Union City. Men li te tounen premye manm fanmi ni ki te etidye inivèsite e pi ta lekol de dwa.

"Si ou te di'm pandan mwen tap grandi nan lamizè ke mwen tap youn pami 100 senatè peyi Etazini, yon peyi ki gen 330 milyon abitan mwen tap reponn ou sa pap janm rive. Men istwa mwen se reyalizasyon rèv Ameriken an e se yon pwomès nou dwe kenbe pou jenerasyon yo nan lavni ak Ayisyen Ameriken yo. Se yon dèt nou dwe tout sa ki te vini anvan nou."

Pou fini, Menendez di li mande administrasyon Biden nan re-deziye stati pwoteje tanporè a, TPS pou bay moun ki kouri kite Ayiti yon chans pou yo jwen sekirite ak stabilite Ozetazini e mwen kontan di nou jefo sa yo bay bon rezilta.

XS
SM
MD
LG