Accessibility links

Breaking News

Etazini Anonse Ouvèti Pwosesis Enskripsyon pou Stati Tanporè Pwoteje pou Ayiti


Foto Achiv: Migran Ayisyen ak patizan pandan yon manifestasyon pou rejte desizyon Depatman Sekirite Nasyonal la te pran pou'l mete fen nan pwogram TPS la pou Ayisyen nan Nouyok, 21 Nov. 2017.
Foto Achiv: Migran Ayisyen ak patizan pandan yon manifestasyon pou rejte desizyon Depatman Sekirite Nasyonal la te pran pou'l mete fen nan pwogram TPS la pou Ayisyen nan Nouyok, 21 Nov. 2017.

Depatman Sekirite Nasyonal Etazini an (Homeland Security) pibliye yon anons jodia ki bay enfomasyon sou kijan pou yon mou enskri oubyen re-enskri pou TPS ki disponib pou Ayisyen.

Mwa pase a, Sekretè Sekirite Nasyonal la Alejandro mayorkas te anonse Etazini ap pwolonje epi re-deziye TPS pou Ayiti.

Enskripsyon an ap tanmen 26 Janvye 2023. Tout moun ki vle mande TPS dapre deziyasyon pou Ayiti a dwe ranpli yon aplikasyon.

Ekstansyon TPS pou Ayiti a pral pèmèt apepre 107,000 benefisye aktyèl kenbe TPS la pou jous 3 Out 2024. Yap kapab kontinye genyen stati sa a si yo elijib.

Etazini estime apepre 105,000 lot moun kap viv Ozetazini taka elijib pou TPS anba re-deziyasyon Ayiti a. Sèlman moun ki tap viv Ozetazini san yo pat deplase ant 6 Novanm 2022 ak kounyea, ki elijib pou redeziyasyon TPS pou Ayiti a.

Moun ki deja gen TPS ki ta renmen pwolonje stati yo pou jis 3 Out 2024, gen pou yo re-enskri pandan 60 jou kap vini yo - ki se peryod re-enskripsyon an. Lap tanmen 26 Janvye 2023 epi fini 27 Mas 2023. Fok yo fe sa pou asire yap kenbe TPS ak otorizasyon travay yo san oken enteripsyon.

Kijan Pou Ayisyen Aplike pou Nouvo Pwogram Imigrasyon Ameriken an
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:32 0:00

Depatman Sekirite Nasyonal la di li rekonèt se pa tout moun ki re-enskri pou TPS ki va resevwa Dokiman Otorizasyon Anplwa a (EAD) anvan pèmi yo genyen an eksprire 3 Fevriye 2023. Kidonk, lap pwolonje otomatikman pou jis 3 Fevriye 2023 validite dokiman sa a.

Sevis Sitwayènte ak Imigrasyon Etazini pral kontinye jere aplikasyon TPS yo. Moun ki deja ranpli fom I-821 an oubyen I-765 la pa bezwen ranpli yon lot aplikasyon.

Nouvo aplikan yo gen pou yo ranpli fom I-821 an pandan peryod enskipsyon kap tanmen 26 Janvye a e ki va fini 2 Out 2024. Fok ou ranpli aplikasyon an sou entenet. Pandan wap ranpli aplikasyon an ou ka mande otorizasyon travay tou - si ou ranpli fom I-765 la epi soumet li ansanm ak I-821 an oubyen ou ka soumet yo separeman. Fom I-765 la disponib an liy tou.

Anons Depatman Sekirite Nasyonal la pibliye esplike kiyès ki eljib, kritè yo, dat yo ak pwosesis nesesè pou moun ki gen TPS yo re-enskri epi renouvle EAD yo epi kijan pou nouvo aplikan yo soumet yon aplikasyon anba re-deziyasyon an epi aplike pou yon otorizasyon travay.

Pou plis enfomasyon ou ka tcheke sit: uscis.gov oswa suiv USCIS sou Twitter, Instagram, YouTube, Facebook epi LinkedIn.

XS
SM
MD
LG