Accessibility links

Breaking News

Etazini Etann TPS pou 264,000 Ayisyen


Foto Achiv: Imigran Ayisyen ak patizan pran lari pou mande TPS pou Ayisyen nan Nouyok, 21 Nov. 2017.
Foto Achiv: Imigran Ayisyen ak patizan pran lari pou mande TPS pou Ayisyen nan Nouyok, 21 Nov. 2017.

Administrasyon Biden nan pral ogmante sekou, epi dispoze pèmi travay pou Ayisyen ki deja Ozetazini dapre yon anonse Depatman Sekirite Nasyonal la fè Lendi.

Mezi sa a vini nan moman gouvenman Ayisyen an redi pou stabilize peyi a.

Administrasyon an pral ofri Stati Pwoteje Tanporè, TPS pou yon afè 264,000 Ayisyen pou 18 mwa, apre deziyasyon ki an aplikasyon kounyea ekspire nan mwad Fevriye a.

Pami yo, gen 101,000 moun ki deja gen TPS e yon lot 53,000 aplike pou li, dapre DHS. Gen yon lot gwoup 110,000 Ayisyen ki rive Ozetazini resaman, e ki pral benefisye de nouvo mezu sa a.

TPS pwoteje moun kont depotasyon, li akode yo pemi travay tou. Se yon deziyasyon Etazini bay etranje ki paka tounen lakay yo akoz dezas natirèl, konfli oubyen lot fè ekstraodinè.

An Ayiti, gang yo ap goumen pou pran kontwol plis teritwa depi asasina Prezidan Jovenel Moise, an 2021. Depi lè a, Premye Minis Ariel Henry fè fas ak plizyè defi pou retabli lod la.

Etazini te deziye TPS pou Ayiti an 2010 apre tranbleman tè ki te devaste peyi a.

Ansyen Prezidan Donald Trump te eseye mete fen nan TPS pou Ayiti ak lot peyi, men tribinal federal yo te bloke li. Biden, ki se yon Demokrat te elaji deziyasyon an pou Ayiti nan mwad Out 2021, pou enkli Ayisyen ki te rive Ozetazini pandan 10 zan ki pase yo.

XS
SM
MD
LG