Accessibility links

Breaking News

Depite Bush, Pressley, Jones Voye yon Lèt Pou Mande Administrasyon Biden nan Pwolonje, Redeziye TPS pou Ayisyen


Foto Achiv: Migran Ayisyen ak patizan pandan yon manifestasyon pou rejte desizyon Depatman Sekirite Nasyonal la te pran pou'l mete fen nan pwogram TPS la pou Ayisyen nan Nouyok, 21 Nov. 2017.
Foto Achiv: Migran Ayisyen ak patizan pandan yon manifestasyon pou rejte desizyon Depatman Sekirite Nasyonal la te pran pou'l mete fen nan pwogram TPS la pou Ayisyen nan Nouyok, 21 Nov. 2017.

Depite Demokrat Cori Bush, Ayanna Pressley ak Mondaire Jones ansanm ak 14 kolèg yo voye yon lèt bay Sekretè Sekirite Nasyonal la Alejandro Mayorkas pou mande li pwolonje epi redeziye Stati Pwoteje Tanporè a (TPS) pou sitwayen Ayisyen yo.

Nan yon nòt pou laprès yo voye bay VOA Kreyòl palmantè Demokrat yo di "Lèw konsidere sityasyon Ayiti a kap deteryore, Administrasyon an ta dwe priyorize asistans imanitè sitou enpak pozitif pwolongasyon ak redeziyasyon TPS ap genyen pou peyi nou. "

Lèt la ajoute "Ayisyen ap fè fas ak yon kalite kriz yo poko janm konstate e nou mande Administrasyon an pou l pwolonje deziyasyon 2021 epi redeziye Ayiti pou TPS san pèdi tan.

Pibliye yon anons sou Rejis Federal la, bay moun yon minimòm de 180 jou pou enskri - kitse moun ki deja gen TPS oubyen sa ki poko genyen l e ki ta renmen enskri pou li dapre redeziyasyon an.

Peyi d Ayiti ap goumen pou jere zak vyolans ki ogmante nan yon nivo ke peyi poko janm wè anvan, blokaj gang yo nan tèminal petwòl Varreux a epi rate pwodwi premye nesesite yo.

Palmantè yo di Ayisyen ki kouri kite peyi yo akòz zak vyolans, pèsekisyon ak lamizè fè fas ak plizyè baryè Administrasyon Biden nan tabli.

Yo di yon pwolongasyon ak redeziyasyon TPS pou Ayiti ta ede pwoteje Ayisyen yo kont depòtasyon, pemèt yo travay epi vwayaje Ozetazini.

Cori Bush reprezante eta Missouri nan Kongre a. Ayanna Pressley reprezante Massachusetts epi Mondaire Jones reprezante Nouyok.

Pami lòt depite ki siyen lèt la, nou jwenn Sheila Cherfilus-McCormik ki reprezante Florid, Val Demings ki reprezante Florid, Yvette Clark, ki reprezante Nouyòk epi Eleanor Holmes Nortan ki reprezante vil Washington.

XS
SM
MD
LG