Accessibility links

Breaking News

Etap pa Etap: Kijan pou Aplike pou Nouvo Pawòl Imanitè pou Ayisyen, Kiben, Nikaragweyen ak Venezyelyen?


Migran ap tann pou Gad Fwontye Etazini egzaminen yo apre yo fin travese fwontye Etazini pataje ak Meksik la nan vil Yuma, eta Arizona, 6 Janvye 2023.
Migran ap tann pou Gad Fwontye Etazini egzaminen yo apre yo fin travese fwontye Etazini pataje ak Meksik la nan vil Yuma, eta Arizona, 6 Janvye 2023.

Etap pa etap, kijan pou aplike pou nouvo pawòl imanitè pou Ayisyen, Kiben, Nikaragweyen ak Venezyelyen. Premye bagay la se ranpli fomilè ki rele I-134A ki se yon deklarasyon sipò finansye, epi apre sa gen lòt pwosesis.

Gouvenman Ameriken an komanse aksepte solisitid pou pwogram "pawòl imanitè a" pou Ayisyen, Kiben, Nikaragweyen ak Venezyelyen, dapre sa Prezidan Joe Biden te anonse Jedi 5 Janvye pase a.

Pwogram nan elaji yon pwogram ki te deja disponib pou Venezyelyen yo, e li ofri yon mwayen pou vwayaje Ozetazini legalman. Fòk moun kap aplike a gen yon patwon epi reponn kèk kritè presi.

Sèvis Imigrasyon ak Sitwayènte Etazini an, USCIS) pibliye yon paj wèb kote moun ka branche epi aplike pou pwogram nan depi Vandredi pase a.

Men kèk pami etap esansyèl yon moun dwe franchi pou aplike pou pwogram pawòl la:

KREYE YON KONT USCIS

Moun kap patwone migran an dwe ranpli fòmile I-134A a sou sit web USCIS la. Pou fe sa, fòk li kreye dabò yon kont sou paj web USCIS la. Fòk aplikan an gen yon kourye elektwonik ke li ka lye ak kont la.

Apre li fin kreye kont la, sou menu "Kont Mwen" sou paj web la, chwazi opsyon ki di "ranpli yon fòmile"

Menu an va louvri epi ou dwe chwazi "I-134A, Online Request to be a Supporter and Declaration of Financial Support." Le ou fe seleksyon sa a ou va we yon mesaj ki raple ke yap aksepte aplikasyon selman pou patwone benefisye ki se moun Ayiti, Kiba, Nikaragwa, Ikren ak Venezyela. Li di fòk patwon an ap viv Ozetazini pou l ka ranpli fòmile a e fòk li ranpli yon fòmile pou chak endividi li vle patwone - ladann gen mine - epi gen lòt enfomasyon ankò.

Pi ba, wap we yon bouton ble ki di "Start Form", ou ka peze li epi antre enfòmasyon nan fòmile a.

Apre sa ou ka ranpli fòmile I-134A a, dapre enstriksyon yo, fok sa fet sou sit web la.

SELEKSYON FOMILE ak DONE PATWON AK BENEFISYE

Fòmile I-134A a gen dives seksyon. Premye seksyon an se enfòmasyon de baz sou pwogram migratwa a. Apre se ou ka mete done spesifik sou sityasyon finansye patwon an, epi apre sa enfòmasyon ak done benefisye a.

Pi ba, fòmile a mande pou enkli "prev" de sityasyon ekonomik, enfomasyon adisyonel epi finalman wap gen opsyon pou revize tout enfòmasyon ou bay la anvan ou voye l ale.

Fok fòmile a gen tout enfomasyon patwon an sou li - non, dat nesans, nimewo kont USCIS la, nimewo alyen nan (si aplikab) nimewo sekirite sosyal ak lòt done ankò.

An plis, li mande pou endike nasyonalite, eta sivil aplikan an, dat ou "antisipe" moun nan va rive Etazini epi kite Etazini.

Fòk ou presize byen kap disponib pou benefisye a pandan peryòd tan kote lap Ozetazini. Nan seksyon sa a, fòk ou enkli selman byen ke ou ka konveti an lajan pandan 12 mwa e ke wap sevi pou apiye benefisye a pandan lap viv Ozetazini. Fòmile a esplike ke ou ka enkli vale kay kote moun nan pral abite. Ou paka mete pa egzanp vale yon machin, amwenske ou gen plis pase yon machin a la dispozisyon w. Ou paka enkli non plis byen ki se pwopriyete moun wap mande pou patwone a, dapre sa dokiman an di.

PREV FINANSYE PATWON AN

USCIS presize moun ki vle sevi kom patwon dwe genyen "ase resous finansye ak apui finansye pou peye fre benefisye a pandan stati pwovizwa li Ozetazini. Se patwon an ki responsab pou peye tout fre yo.

Patwon an dwe bay "prev" de resous nesese yo. Si ou paka bay prev sa konte kom fakte negativ e sa taka lakoz ou jwen refi.

Patwon an dwe telechaje prev resous finansye li yo. Yon bagay ki ka sevi kom prev se kat kont an bank ou oubyen kanne ki montre konbyen lajan ou genyen nan kont ou, konbyen ane ou genyen kont la; kat anplwa ki bay enfomasyon sou konbyen tan ou pase ap travay pou li, konbyen sale ou touche, epi si djob la pwovizwa oubyen pemanan. Fok ou telechaje deklarasyon taks (enpo) ou peye, prev stati migratwa ou, pa egzanp si ou gen yon paspò Ameriken, si ou gen setifika natiralizasyon, kad rezidans oubyen lòt dokiman epi konbyen depandan ou genyen.

An sujit ou ka bay prev de byen ou genyen ki montre ou gen ase resous finansye tankou pa egzanp aksyon ak bon.

Sit USCIS esplike patwon an kapab yon sitwayen Ameriken oubyen yon rezidan legal e pemanan; fòk li gen yon stati legal Ozetazini tankou stati pwoteksyon tanpore a (TPS) oubyen azil; oubyen li ka anba pawol migratwa oubyen resipyan aksyon difere oubyen soti fose difere.

USCIS endike yo kapab mande aplikan an prezante l nan yon sit pou yon entevyou pou pwouve sa li di, ke yo ka fe anrejistreman biyometrik pou moun nan pou verifye idantite li oubyen mande li plis enfomasyon epi tcheke li pou determine si li prezante yon risk pou sekirite nasyonal peyi a.

USCIS enfome aplikan an pa kourye elektwonik dat randevou a, yon fwa ke li resevwa aplikasyon an epi verifye ou ranpli l konpletman e ke ou kalifye pou pwogram nan.

KONBYEN LI KOUTE?

Aplikasyon I-134A a gratis - li pa koute anyen.

ETAP PA ETAP

Etap 1 - Ranpli fòmile I-134A sou sit USCIS la

Etap 2 - Si USCIS konfime ou ka patwone yon moun, benefisye a va resevwa yon kourye elektwonik ke USCIS va voye ba li ak enstriksyon sou koman li dwe fe pou kreye yon kont sou sit web USCIS la tou ak lot etap li dwe franchi. Benefisye a dwe konfime enfòmasyon biyografik li e setifye ke li ranple tout deman elijibilite, dapre sa sit USCIS la di

Etap 3 - Apre konfimasyon enfò biyografik la ak setifikasyon yo mande a, benefisye a va resevwa enstriksyon sou kjan pou li ranpli aplikasyon CBP One, kote li dwe bay prev lòt enfòmasyon biyografik epi voye yon foto.

Etap 4 - Benefisye a va resevwa yon afi sou kont li si CBP otorize l vwayaje Ozetazini. Chak benefisye dwe mete sou kont li enfòmasyon sou vòl li, liy avyon an ak dat li pral vwayaje Ozetazini. Otorizasyon pou vwayaje a pa garanti lap kapab antre Ozetazini, se a la diskresyon CBP nan pòt antre a, dapre USCIS.

Etap 5 - Le benefisye a rive nan yon pòt antre Etazini, CBP va egzaminen li pou detemine si li otorize pawòl la. Yon pati enspeksyon an mande pou benefisye a bay konsant man l pou evalyasyon ak verifikasyon adisyonel, ladann gen egzamen biyometrik.

"Moun nou determine reprezante yon menas pou sekirite nasyonal Etazini oubyen sante piblik oubyen ki pa merite pawòl la apre enspeksyon sa a va pase pa yon pwosesis kote nou taka remet yo bay otorite Sevis Imigrasyon ak Kontwòl Ladwan (ICE)."

Etap 6 - Moun ke yo akòde pawòl la va jwen otorizasyon pou yo viv Ozetazini pou jiska 2 zan e yap gen posibilite jwen pemi travay.

PLIS ENFOMASYON

Patwon yo kapab voye yon mesaj sou kont USCIS yo oubyen yo ka mande apui sou sit web la.

Pou plis enfòmasyon sou pwogram sou pwogram pawòl imanite a, konsilte paj USCIS la.


Repotaj sa a se selman pou enfomasyon. Vwadlamerik pa bay konsey sou tem migratwa ni jiridik, ni legal.

Repotaj sa a baze sou enfomasyon ki te pibliye sou sit USCIS la 21 Oktòb le yo te anonse pwogram pawòl imanite a pou Venezyelyen ak Ikrenyen.

XS
SM
MD
LG