Accessibility links

Breaking News

Konsèy Imigrasyon Ameriken: Pwogram Pawòl Biden nan Pral 'Sove Lavi' Ayisyen


Aaron Reichlin-Melnick, Direkte Politik Konsèy Imigrasyon Ameriken an, pandan yon entèvyou ak jounalis VOA Espayol Laura Sepulveda Arcila nan Washington, 6 Janvye, 2023.
Aaron Reichlin-Melnick, Direkte Politik Konsèy Imigrasyon Ameriken an, pandan yon entèvyou ak jounalis VOA Espayol Laura Sepulveda Arcila nan Washington, 6 Janvye, 2023.

Nan yon entèvyou ak koleg nou nan VOA Espayol Laura Sepulveda Arcila, Direktè politik Konsèy Imigrasyon Ameriken an, Aaron Reichlin-Melnick di pwogram pawol Prezidan Joe Biden anonse nan diskou li sou imigrasyon Jedi 5 Janvye a, se yon bon bagay pou Ayisyen.

Reichlin-Melnick di: "Pwogram sa a pral sove lavi anpil migran, sitou migran Ayisyen yo. Jodia pi fo migran Ayisyen yo ap antre nan peyi a atrave pos fwontyè yo nan sidwès Etazini. Pa gen anpil kap travèse ilegalman e ki ap fè fas ak ekspilsyon anba Tit 42.

Nan mwa Novanm nan te gen sèlman 35 Ayisyen ki te travese fwontyè a ilegalman e gad fwontyè Etazini te arete yo. Savledi mwenske yon moun pa jou. Donk pou Ayisyen ekspansyon Tit 42 a ki vledi yap ekspilse yo nan Meksik, pap gen gwo konsekans.

"Sepandan pwogram pawol la ap gen gwo konsekans pou yo. Gen anpil Ayisyen Ozetazini kap travay ak dezespwa pou voye chache fanmi yo an Ayiti. Men yo pa gen anpil opsyon legal pou fe sa. Donk pou moun sa yo pwogram pawol la pral sove lavi yo. Li pral ofri opsyon ki pa egziste aktyelman pou pèmet yo voye chache fanmi yo an Ayiti pou yo ka vin viv Ozetazini an sekirite. Paske anpil Ayisyen ap viv ak ke site akoz ensekirite a ak lot pwoblèm grav kap trakase peyi a e yo bezwen asistans. "

Reichlin Melnick di VOA militan kap travay sou imigrasyon te yon ti jan desi ak chanjman nan politik imigrasyon Biden anonse a, men gen pwen pozitif tou:

"Donk malgre pwogram Biden anonse a pa fe tout sa nou te espere - fòk nou admet ke pwogram pawol li anonse a limenm pral sove lavi moun."

XS
SM
MD
LG