Accessibility links

Breaking News

Etazini Relouvri Sèvis Konsilè li nan Anbasad Kiba


Foto Achiv: Yon ansyen machin dekapotab Ameriken estasyone tou pre anbasad Etazini pandan drapo Kiben ap flote sou Tribin Anti-Enperyalis la nan Lahavan, Kiba, 26 Jiye, 2015.
Foto Achiv: Yon ansyen machin dekapotab Ameriken estasyone tou pre anbasad Etazini pandan drapo Kiben ap flote sou Tribin Anti-Enperyalis la nan Lahavan, Kiba, 26 Jiye, 2015.

Anbasad Kiba Ozetazini rekomanse bay viza e li reprann sèvis konsilè li yo Mèkredi 4 Janvye.

Se premye fwa sèvis yo ap reprann depi yon seri ensidan sante ki pa gen okenn eksplikasyon, ki te afekte diplomat kap travay nan anbasad la an 2017. Sa te lakoz Etazini te redwi prezans li nan Lahavan.

Sèvis konsilè Ameriken yo ap reprann nan moman yon pakèt Kiben ap kouri kite peyi yo.

Migrasyon istorik sa a mete presyon sou administrasyon Biden nan pou'l pousuiv plis chimen legal pou sitwayen Kiben ki vle ale Ozetazini epi louvri yon diyalog ak gouvènman Kiben an, malgre pakèt tansyon ki egizste nan ant 2 peyi yo.

XS
SM
MD
LG