Accessibility links

Breaking News

Etazini Ap Ogmante Depòtasyon Migran Kiben, Nikaragweyen ak Ayisyen ki Antre Ilegalman


Título 42 e migrantes en busca de asilo
Título 42 e migrantes en busca de asilo

WASHINGTON, 5 janvye (Reuters) - Lèzetazini pral elaji restriksyon mezi ki te tabli sou rejim ansyen prezidan Donald Trump la pou ekspilse rapidman imigran Kiben, Nikaragweyen ak ayisyen ke yo kenbe ki travèse ilegalman fwontyè Etazini ak Meksik a, se sa prezidan Prezidan Joe Biden te di jedi nan yon gwo diskou li te fè sou sekirite fwontyè peyi li genyen ak Meksik.

An menm tan, Etazini pral pèmèt jiska 30,000 moun ki soti nan 4 peyi antre nan peyi a pa vwa legal, pami peyi sa yo nou jwenn Venezyela, Kiba, Ayiti, Nikaragwa.

Apwòch sa a se yon fason pou elimine kritik ke Repibliken yo ap lanse kont Biden pandan ke Etazini ap bat yon rekò nan kantite imigran ki travèse fwontyè Etazini ak Meksik ilegalman. Yon lòt kote, Demokrat yo ak defansè imigrasyon yo plenyen pou di ke restriksyon "Tit 42" ki te adopte anba rejim Donald Trump la anpeche migran yo egzèse dwa yo genyen pou yo aplike pou azil.

XS
SM
MD
LG