Accessibility links

Breaking News

Biden Pwolonje 'Tit 42' pou Migran ki soti Kiba, Ayiti


Prezidan Joe Biden pran la pawol sou sekirite fwontye Etazini nan Sal Roosevelt Lamezonblanch la, Jedi 5 Janvye 2023 nan Washington.
Prezidan Joe Biden pran la pawol sou sekirite fwontye Etazini nan Sal Roosevelt Lamezonblanch la, Jedi 5 Janvye 2023 nan Washington.

Etazini ap pwolonje yon pwogram li te mete an plas nan komansman pandemi COVID-19 la e ki mande pou ekspilse rapidman migran ki soti Nikaragwa, Kiba ak Ayiti ki travèse antre Ozetazini ilegalman depi Meksik.

An menm tan, Biden pral kite yon afè 30,000 migran pa mwa, ki soti nan Kiba, Nikaragwa, Ayiti ak Venezyela.

Biden di: "Nouvo pwosesis sa a mete lòd nan dezòd, li gen sekirite e li imen." Prezidan an di mesaj li pou migran ki soti Kiba, Nikaragwa ak Ayiti ki pa gen sponsòr Ameriken se: "Pa anik parèt sou fwontyè a."

Plan sila a fè pati yon gwo jefò administrasyon an deplwaye pou dekouraje migran travèse frontye a ilegalman epi fè fas ak defi politik ak imanitè kap trakase prezidan an depi li monte sou pouvwa a an 2021.

Biden di: "Aksyon sa yo poukont yo pap ranje sistèm imigrasyon nou an antye. Men sa taka ede anpil."

Prezidan an di li voye yon plan imigrasyon konpreyansiv bay Kongrè a, men Repibliken yo refize vote sou li, ni apwouve lajan siplemantè li mande pou anplwaye plis jij ak responsab pou travay sou deman azil yo.

Biden di: "Nou pa gen ase jij imigrasyon pou jere demann yo."

Imigrasyon ap yon kestyon santral nan diskisyon Biden pral genyen nan vil Mexico Siti 10 Janvye kote li va asiste Rankont o Some Lidè Amerik di Nò yo. Prezidan Meksiken Andres Manuel Lopez Obrador ak Premye Minis Kanadyen Justin Trudeau pral patisipe nan rankont sa a.

Yon wo responsab administrasyon Biden nan di nouvo politik la va ogmante mwayen legal ki disponib pou migran antre Ozetazini. Li ajoute ap gen konsekans pou migran ki eseye antre Ozetazini ilegalman.

Biden di: "Mwayen legal nou anonse yo jenere, men an menm tan gen konsekans sevè pou moun ki pa respekte yo.

Biden pwofite diskou li pou'l ankouraje Repibliken yo pou yo sispan bloke plan refòm imigrasyon li prezante yo ansanm ak mezi pou pwoteje fwontyè a.

Prezidan an, ki se yon Demokrat, pral vizite El Paso, Texas Dimanch. Se va premye vizit li sou fwontyè sidwès Etazini depi li monte sou pouvwa a an Janvye 2021.

Anba plan Biden anonse Jedi a, Meksik pral aksepte 30,000 migran Etazini ekspilse chak mwa ki soti nan Kiba, Nikaragwa, Ayiti ak Venezyela.

XS
SM
MD
LG