Accessibility links

Breaking News

Depozisyon Sekretè Deta Mike Pompeo devan Komisyon Afè Etranjè Sena a sou Dosye Larisi a ak Sekirite Nasyonal

Sekretè Deta Mike Pompeo pananlit ap fè depozisyon li devan Komisyon Afè Etranjè Sena a pou l te reponn kesyon spesifik palmantè yo genyen sou yon rankont Prezidean Donald Trump's te genyen ak lidè Larisi a, Vladimir Putin, nan vil Helsink, Fenland. ( Foto: AP/J. Scott Applewhite, Washington, 25 jiy♪8 2018).

Manm kongrè ameriken an -demokrat kou repibliken- ap chache brake limyè sou agiman otorite wo-plase nan gouvènman Prezidan Donald Trump la itilize pou yo defann politik etranjè administrasyon an. Pa egzanp, palmantè yo vle konnen sa ki te di pandan yon rankont Prezidan Trump te fè sa pa gen lontan avèk prezidan Larisi a, Vladimir Putin.

Se konsa Sekretè Deta Mike Pompeo pase 3èd tan byen chofe, nan jounen mèkredi 25 jiyè 2018 la, ap reponn kesyon manm Komisyon Afè Etranjè Sena a sou somè sa a. Prezidan komisyon an, Repibliken Bob Corker, di Misye Pompeo :

Senatè Bob Corker (R-Tennessee), pandan li t ap poze Sekretè Deta Mike Pompeo kesyon sou sekirite nasyonal Lèzetazini nan seyans depozisyon ki dewoule mèkredi 25 jiyè 2018 la, sou direksyon Komisyon Afè Etranjè Sena a. (Foto: Capitol Hil, Washington, 25 jiyè 2018)

<< Ou prezante devan yon gwoup senatè ki chaje ak dout sou konpòtman La Mezon Blanch ak fason l ap menen politik afè etranjè. Nou genyen yon pakèt rezon pou nou enkyete. Pami yo, gen move kalite relasyon ki egziste ant Kongrè a avèk administrasyon an ki pa pataje avèk nou enfòmasyon li genyen.>>

Daprè deklarasyon Senatè Corker te fè nan seyans depozisyon an, li te fè konnen Prezidan Trump te sanble ak yon ti mouton, tèlman li te dou devan prezidan Putin nan somè yo te fè Helsinki a. Apre deklarasyon sa a, tansyon an te monte byen wo ant Sekretè Deta Pompeo ak Senatè Bob Menendez (D-New Jersey) ki te poze l plizyè kesyon sou tèm diskisyon ki te fèt ant Prezidan Trump ak Prezidan Putin.

Senatè Bob Menendez, D-New Jersey, ki te gen kesyon difisil tou pou Sektretè Deta Mike Pompeo ki te konparèt devan Komisyon Afè Etranjè Sena a (Foto: Capitol Hill, Washington, 25 jiyè 2018).
Senatè Bob Menendez, D-New Jersey, ki te gen kesyon difisil tou pou Sektretè Deta Mike Pompeo ki te konparèt devan Komisyon Afè Etranjè Sena a (Foto: Capitol Hill, Washington, 25 jiyè 2018).

​Nan youn nan repons Sekretè Deta Pompeo yo, li te di prezidan an gen dwa genyen yon konvèsasyon prive ak yon lòt lidè mondyal, pandan li mete akote kesyon ki di Prezidan Trump konsidere entèferans Larisi nan eleksyon prezidansyèl 2016 la kòm yon pawòl ki pa di verite. Chèf diplomasi Lèzetazini an deklare:​<< Finalman mwen vle fè nou konprann Prezidan Trump di li aksepte rezilta ankèt otorite yo nan sèvis sekrè ameriken yo te mennen e ki rekonèt Larisi te enplike nan eleksyon yo. Prezidan an gen yon tablo konplè e total de sa k te pase a. Manm administrasyon an pase yon lane ap bay enfòmasyon sou kesyon an. Se yon bagay ki klè pou mwen. >>

An plis de somè Trump-Putin nan, chanm depite ameriken an, li menm, lanse yon efò pou li jwenn revokasyn vis minis jistis la, Rod Rosenstein, sou akizasyon deske li ta gen move kondwit e poutèt li pa t pataje avèk yo enfòmasyon ki gen rapò avèk ankèt pwokirè spesyal Robert Mueller ap mennen sou enjerans Larisi nan eleksyon 2016 la-. Pou kounye a, nan kad ankèt sa a, Mèt Mueller deja lage akizasyon ofisyèl sou do plis pase 30 moun; kèk pami yo te travay nan kanpay elektoral Prezidan Donald Trump la. Pandansan, minis jistis la, Jeff Sessons, deklare li gen konfyans nan travay asistan li a, Mèt Rosenstein ap fè.

XS
SM
MD
LG