Gwoup manifetstan ki rele Harvard Deyò nan Palestin Okipe, li di nan yon deklarasyon ke kan manifestan an « vin pèdi itilite li pou sa ki konsène reklamasyon nou. »
Pandanstan, Prezidan pwovizwa Inivèsite Harvard, Alan Garber, dakò pou kontinye reyinyon ant manifestan yo ak responsab inivèsite yo sou kesyon ke etidyan yo ap poze.
Etidyan nan plizyè inivèsite nan sezon prentan sa a te tabli kan menm jan an, kote yo reklame pou lekòl yo koupe relasyon ak Izrayèl e ak biznis ki sipòte li.