Yellen di jounal Wall Street ke Etazini dakò pou yo takse moun rich yo men pa yon sèl kou, e ke yo dwe peye pi gwo pousantaj nan revni yo pase moun ki gen pi piti mwayen. Men li di, “kesyon pou fè aranjman mondyal pou takse milyadè yo epi distribye lajan sa yo bay moun ki nan bezwen, nou pa sipòte deba pou reyalize sa. »
Plan an ka gen pwoblèm pou aplike li, malgre li sanble gen apwi lidè kèk gwo ekonomi tankou LaFrans ak Brezil.
E poutan Etazini anfavè yon taks sou biznis entènasyonal yo, e Yellen te ede jwenn yon antant sou kesyon an nan koumansman manda Prezidan Joe Biden nan.