Accessibility links

Breaking News

Lachin Pwomèt Pou Reponn Kif Kif Apre Administrasyon Biden nan Te Ogmante Tarif Sou Kèk Pwodui Chinwa


China United States
China United States

Otorite chinwa yo ki move kou kong pwomèt pou reponn kif-kif apre Mezon Blanch fin anonse madi a ke administrasyon Biden nan ap ogmante tarif sou kèk pwodui enpòtasyon ki ap soti an Chin, e ke li ap miltipliye pa 4 pou rive 100 pousan tarif sou oto elektrik.

Mezon Blanch fè anons la madi a nan finisman yon reyinyon sou tarif, ki fèt chak 4 lane.

Biden akize gouvènman chinwa a kòmkwa li « fè koken » nan kompetisyon ak lòt nasyon

Kèk ekspè di gen divès fason LaChin ka chwazi pou reponn nouvo tarif yo, ke li ka enpoze tarif sou pwodui agrikol ke li konn achte nan men Etazini, tankou soya; oubyen mete restriksyon sou lavant pwodui mineral ki enpòtan anpil nan fabrikasyon batri pou oto elektrik.

Nan yon diskisyon ke Enstiti Peterson pou Ekonomi Entènasyonal te òganize ayè mèkredi a, Tu Xinquan, ki se dwayen Enstiti Chinwa pou Etid sou Òganizasyon Komès Mondyal la nan Peken di nouvo sanksyon Etazini yo ka pa tèlman afekte ekonomi chinwa a.

XS
SM
MD
LG