Anpil Ayisyen ap Lapriyè Apre Tranbleman'd Tè a

Tranbleman'd tè 12 Janvye a fè anpil moun Anayiti antre nan lapriyè pou yo remèsi Bondye dèseke li prezève lavi yo. Nan okazyon sa a yo ekate tout divizyon ant relijyon yo, dapre korespondan nou Jean-Max Blanc.