Accessibility links

Breaking News

Premye Minis Ayisyen Vwayaje Kanada pou Asiste yon Konferans Ed Entenasyonal


Premye minis ayisyen-an, Jean Max Bellerive, twouve l o Kanada pou l patisipe nan yon konferans entènasyonal kote delege pliyzè peyi gen pou planifye efò k nesesè pou ede Ayiti rekanpe soup ye l, aloske travayè kap bay asistans-yo kontinye ap lute pou yo fè livrezon manje, dlo ak ekipman medical ke moun yo bezwen seryezman apré gwo tranbleman de tè madi 12 janvye pase-a.

Premye minis kanadyen-an, Steven Harper, ap dirije konferans sa-a kap dewoule nan Montreal. Sekretè deta ameriken-an, Hillary Clinton, ak minis afè etranj plis ke yon douzèn peyi ak reprezantan oganizasyon non-gouvènmantal ap patisipe tou nan konferans-la.
Voice 2 --- Pandansetan, nan peyi Dayiti, Oganizasyon entènasyonal kap bay asistans-yo di yè dimanch-la, yo pral drese yon seri de tant nan kapital-la , Potoprens e nan vil Leogane yon alwès kapital-la pou yo mete moun ki pèdu sa yo te posede e ki pa gen kay pou yo rete.

OIM (Oganizasyon Entènasyonal Migrasyon) fè konnen Haiti pral bezwen 100 mil tant pou apeprè 500 mil moun. Ti òfelen ayisyen --ki te gen papye yo fin regle ou ki te preske fin regle anvan tranbleman de tè-a-- komanse rive lakay nan nouvo paran-yo an’Ewop e Ozetazuni.

XS
SM
MD
LG