Accessibility links

Breaking News

Bezwen malad yo ann Ayiti depase resous ki disponib yo.


Plis pase yon semèn aprè tranblemann tè ki frape Ayiti a, bezwen medikal malad yo kontinye ap diminye resous yo anpil, men anpil efò ap fèt pou swaye e sekouri plizyè milye moun ki blese oswa ki pran chòk nan soukous 12 janvye a. Depi bato lopital lamarin amerikèn USNS Comfort la te rive anNAyiti, ekip medikal li Yo resevwa plis ke 250 malad, yo fè plis ke 100 operasyon e yo evakye 2 viktim ki te boule pou voye yo Miami al' suiv tretman . Devouman volontè entènasyonal yo ak andirans, kouraj ayisyen an pwouve ke dezas la pa depase yo.

Apeprè 20 fanm nan ekip chiriji lopital St-Francois de Sales nan Potoprens t'ap chante pandan yo chita sou ban yo nan remiz lopital la, y'ap pliye twal gaz, yap vlope yo nan papye pou kreye yon ti pake steril ki pare pou operasyon. E yo chante pou rann Bondye glwa paske li voye je sou yo.

Doktè Jude Marie Banatte ap travay pou Sèvis Sekou Katolik. Li menm ak Oganizasyon an gen yon relasyon zanmitay depi lontan avek lopital la. Li di,« Kote tant yo ye a, li te konn sevi kòm remiz pou machin. Donk se isit la n'ap fè lopital la mache kounye a paske malad yo pè rete menm nan yon pati nan building nan ki anfòm toujou -- apre enjenyè te di yo pa gen pwoblèm -- men malad yo pa vle rete nan yo, akòz replik yo, kidonk soukous segondè yo.

Kèlkeswa gwo kapasite bato-lopital USNS Comfort la, malgre devouman nou remake lakay manm ekip medikal la-- ki pa menm gen tan pou yo dòmi-- e kèlkeswa kantite materyèl yo genyen, bezwen-yo nan Pòtoprens depase resous bato a lontan.

Pou w ka koute tout repòtaj la, fè klik sou ralonj ki anwo, adwat paj la.

XS
SM
MD
LG