Accessibility links

Breaking News

Plis Pase 150 Mil Moun Mouri nan Tranbleman'd Te a


Gouvenman Ayisye3n an fe konnen kantite konfime moun ki mouri nan tranbleman de te ki te devaste peyi D'Ayiti 12 Janvye pase a monte rive 150,000. Dapre sa otorite yo di ye Dimanch la nan Potoprens, kantite sa a pa gen ladann viktim nan vil ki pa pre kapital la, tankou Jakmel, kote moun kwe anpil nan viktim yo toujou rete antere anba debri. Dapre menm sousu la, kantite total final la byen kapab rive nan chif 200,000 moun.

Gouvenman Ayisyen an te pran desizyon pou'l fe suspann rechech pou suvivan yo Vandredi pas a; men yon jou apre sa, Samdi, ekip sekouris entenasyonal yo te rive wete yon neg anba debri yon supemache ki kraze nan kapital la Potoprens. Tim Callahan, yon kowoperan kap travay pou USAID (Ajan Ameriken pou Devlopman Entenasyonal) pale Dimanch pou di: rechech pou jwenn moun ki anba debri yo e ki ta vivan toujou, ap kontinye menm si kantite ekip kap fe travay sa a diminye anpil. Otorite lasante yo fe konnen juskaprezan pa genyen okenn epidemi maladi ki eklate, men yo remake genyen kek moun kap souri ak maladi azoumounou, dyare, ak gratel. Dapre responsab lasante yo toujou, dlo, manje, ak kote pou moun viv, se bezwen ki pi ujan jounen jodya nan peyi D'Ayiti.

XS
SM
MD
LG