Accessibility links

Breaking News

Jamayik ap Pare Pou Li Akeyi Refijye Ayisyen


Premye Minis Jamayik la, Bruce Golding, di malgre posibilite pou ayisyen ta anvayi zile a aprè tranbleman de tè ki fin ravaje peyi yo a, li pap voye yo retounen lakay yo. Korespondan nou nan Kingston, Gillian Haughton, di nou premye minis Golding anonse ke gouvènman jamayiken an fè kèk aranjman pou l' ka fè fas ak debakman ayisyen yo.

Premye Minis la di li pral mete yo nan kèk zòn yo chwazi pou sa, y'ap konsilte yo, epi y'ap ba yo tretman kote sa nesesè, ak akomodasyon tanporè pou yo pran swen yo jiskaske yo ka retounen lakay yo. Premye Minis la di byen ke ayisyen yo ka petèt pa tonbe anba definisyon refijye Konvansyon Nasyonzini an, yo ta reprezante yon kòz imanitè e Jamayik oblije reponn komsadwa.

Premye minis Golding di tou si sa nesesè, Jamayik pral chache asistans nan men ajans entènasyonal yo ak peyi donatè yo. Antretan, yon ekip medikal ki soti nan ministè lasante Jamayik la te kite Kingston vandredi ki sot pase a pou l' kapab leve kolèg yo ki te deja ann Ayiti pou yo bay kout men nan efò sekou yo aprè dezas tranbleman de tè 12 janvye a.

Kounye a, Jamayik gen yon ekip medikal nan Potoprens ki gen 26 manm, pami yo nou jwenn medsen, teknisyen medikal pou ka ijan, enspektè sante piblik, enfimyè ak yon edikatè lasante. Depi ekip travayè lasante sa yo rive ann Ayiti, y'ap travay nan 2 enstalasyon e yo deja wè 150 nouvo malad nan espas 3 jou. Medsen jamayiken yo fè 56 operasyon ak lòt entèvansyon tankou panse maleng e bay moun yo antibyotik ak remèd pou doulè. Ekip medikal Jamayik la fè 10 akouchman nan yon paviyon matènite ke yo te mete sou pye yo menm.

Pou w ka koute repòtaj Gillian nan, fè klik sou ralonj ki anwo, adwat paj la.

XS
SM
MD
LG