Accessibility links

Breaking News

Kominote Entènasyonal la Reyini Nan Montreal pou Diskite Rekonstriksyon Pòtoprens


Premye minis Ayisyen an, Jean-Max Bellerive, twouve l o Kanada pou l patisipe nan yon konferans entènasyonal kote delege pliyzè peyi gen pou planifye efò k nesesè pou ede Ayiti rekanpe sou pye'l, aloske travayè kap bay asistans-yo kontinye ap lute pou yo fè livrezon manje, dlo ak ekipman medical ke moun yo bezwen seryezman apré gwo tranbleman de tè madi 12 Janvye pase a. Premye Minis Kanadyen-an, Steven Harper, ap dirije konferans sa-a kap dewoule nan Montreal. Sekretè D'eta Ameriken an, Hillary Clinton, ak minis afè etranje plis pase yon douzèn peyi ak reprezantan oganizasyon non-gouvènmantal ap patisipe tou nan konferans la.

Pandansetan, nan peyi Dayiti, Oganizasyon entènasyonal kap bay asistans yo di yè Dimanch la, yo pral drese yon seri de tant nan kapital la, Potoprens e nan vil Leogane yon alwès kapital-la pou yo mete moun ki pèdu sa yo te posede e ki pa gen kay pou yo rete. OIM (Oganizasyon Entènasyonal Migrasyon) fè konnen Ayiti pral bezwen 100 mil tant pou apeprè 500 mil moun. Ti òfelen ayisyen - ki te gen papye yo fin regle ou ki te preske fin regle anvan tranbleman de tè a komanse rive lakay nouvo paran yo ann Ewop e Ozetazuni.

XS
SM
MD
LG