Vil Miami mete sou pye yon sant distribusyon sekou pou viktim tranbleman'd te Ayiti yo. Dapre responsab sant la, VonCarol Kinchens sant la te antre ann operasyon tou suit apre tanbleman'd te a, kidonk 13 Janvye pase a.
Plizye komesan nan vil Miami prete vil la depo kote yap resevwa donasyon tout kalite machandiz soti depi nan pwodui pou ti bebe pou rive nan dlo ak pwovizyon medikal. An kolaborasyon ak dives konpayi ki fe kado pwodui, vil Miami deja komanse voye kagezon pwovizyon Anayiti.
Bo kote pa'l responsab Ayisyen Rasha Cameau fe konnen ed rive jwenn depo a depi dives lot eta Ameriken tankou pa egzanp Texas ak Nouvel Meksik. Madan Cameau ajoute gen plizye konpayi tankou Fedex, Spirit Air, epi DHL ki bay vil Miami yon kout men nan pwoje li mete sou pye pou ede Ayiti. (Pou plis detay tcheke videyo entevyou li bay Vwad Lamerik.)
La Vwad Lamerik t'al vizite sant la nan Little Haiti.