Youn nan pi gwo travay ki fèt Madi 26 Janvye nan peyi D'Ayiti, se travay pou wete debri ki simen toupatou. Travay sa a enpotan pou rekonstruksyon an kapab komanse.
Anvwaye espesyal nou nan Potoprens, Jean Robert Philippe pran kontak avek Minis Travo Publik la, enjenyè Jacques Gabriel, ki eksplike pwojè sa a ap gen plizyè faz ladan'n tankou pa egzanp evalyasyon bilding ki detwi nan tranbleman an epitou wetire kadav ki evidan nan ru yo.