Accessibility links

Breaking News

Préval Mande Plis Tant pou Moun ki Pa Gen Kay Yo


Prezidan Ayisyen an, René Préval, lanse apèl pou'l mande 200,000 tant an plus pou moun ki pa gen kay pou yo rete aprè tranbleman de tè 12 Janvye pase a ki touye, daprè kalkil ki fèt, yon afè de 200,000 Ayisyen e devaste pi fò kapital-la, Potoprens.

Nan vil sa a sèlman, genyen yon milyon moun ki pa gen kote pou yo rete, e anpil nan yo bezwen èd ujan pou yo viv. Minis sante a, Alex Larsen, fè konnen gouvènman an ap eseye deplase 400,000 moun pou al mete yo viv nan abri tanporè an deyò kapital la.

XS
SM
MD
LG