Accessibility links

Breaking News
Azi

Yon Tranbleman Tè Pwisan Kraze Kay nan Java, Endonezi


Moun ki soti vivan apre yon tranbleman te nan wes Java, Endonezi resevwa swen, Lendi 21 Nov. 2022.
Moun ki soti vivan apre yon tranbleman te nan wes Java, Endonezi resevwa swen, Lendi 21 Nov. 2022.

Yon tranbleman tè ki te pwisan men pa pwofon chavire bilding epi kraze miray sou zile Java, nan Endonezi kote anpil moun abite. Omwens 62 moun mouri e dè santèn lòt blese.

Moun te kouri al lage ko yo nan lari - kèk pami yo te kouvri ak san ak debri. Sekouris yo te swaye blese yo sou sivyè andeyo prensipal lopital yo, sou teras ak nan paking.

Pami viktim yo te gen timoun. Kèk pami yo te resevwa mask oksijèn pandan yo tap resisite yo.

Sitwayen yo, ki tap pote timoun kap kriye nan bra yo, kouri kite kay yo apre tranbleman an ki gen pwisans 5,6 sou echèl Richter la te souke pwovens wès Java byen ta Lendi apremidi - lè lokal.

Li te koze panik tou nan zòn Jakarta a, kapital Endonezi, kote bilding yo te souke epi yo te evakye sitwayen yo.

XS
SM
MD
LG