Accessibility links

Breaking News

Yon Tranblemanntè 7,6 Frape Meksik


Yon moun mache nan yon ri kote lapolis mete kodon jon akoz danje debri kap sot tonbe apre yon tranblemannte ki frape eta Michoacan, peyi Meksik, Madi 20 Sept. 2022.
Yon moun mache nan yon ri kote lapolis mete kodon jon akoz danje debri kap sot tonbe apre yon tranblemannte ki frape eta Michoacan, peyi Meksik, Madi 20 Sept. 2022.

Yon tranblemanntè ki gen pwisans 7,6 sou nechèl Richter la souke peyi Meksik byen souke Lendi epi deklanche yon alarm nan kapital la. Sekous la te santre sou kot santral Pasifik peyi a.

Poko gen okenn rapo dega ki fèt lè tranbleman an frape a 1 hè 5 nan apremidi lè lokal.

Sant Jeyoloji Ameriken an di tranbleman an te santre a 37 kilomèt o sidès Aquila, tou pre frontyè eta Colima ak Michoacan. Li te gen yon pwofondè 15,1 kilomèt.

Depatman Sekirite Piblik Michoacan nan di pa gen okenn rapo gwo dega nan eta a eksepte pou kèk fay nan bilding.

Majistra vil Mexico, CLaudia Sheinbaum pibliye yon mesaj sou Twitter ki di pa gen dega ki fet nan kapital la non plis.

Alarm pou tranbleman an vini mwenske yon hè'd tan apre alarm te sonnen toupatou nan peyi a pandan yo tap make gwo tranblemanntè ki te frape peyi a menm dat la an 1985 ak 2017.

XS
SM
MD
LG