Accessibility links

Breaking News
Azi

Yon Tranblemanntè Frape Taiwan, 1 Moun Mouri


Foto sa a ke ponpye awondisman Hualien pataje ak lapres montre sekouris yo kap chache viktim ki bloke nan yon bilding rezidansyel apre tranbleman de te a, nan es Taiwan, Dimanch 18 Septanm.
Foto sa a ke ponpye awondisman Hualien pataje ak lapres montre sekouris yo kap chache viktim ki bloke nan yon bilding rezidansyel apre tranbleman de te a, nan es Taiwan, Dimanch 18 Septanm.

Yon tranblemanntè pwisan frape Taiwan kote yon moun mouri epi 9 lot blese.

Yon bilding 3 etaj kraze men tou le 4 moun ki te bloke andedan an te sen e sof apre sekouris yo te antre pran yo.

Sekous la, ki te mezire 6,8 sou nechèl Richter la Dimanch, bloke yon afè 400 touris tou sou yon morn, epi li te lakoz yon tren te deraye.

Se pi gwo tranbleman tè ki frape kot sidès zile a. Gen yon lot tranbleman ki te frape Samdi swa. LI te gen yon pwisans 6,4 limenm.

Pi fo dega yo vize vil ki rele Yuli, kote yon travayè faktori siman mouri epi yon bilding rezidansyèl ki gen yon magazen ladann kraze.

Gen plis pase 7,000 moun ki san elektrisite.

Okenn nan 20 pasaje yo te blese lè yon tren te deraye nan yon stasyon akoz sekous la.

XS
SM
MD
LG