Accessibility links

Breaking News

Yon Tranblemanntè Frape Zòn Nò Ayiti


Kat USGS de zon kote tranbleman te 31 Jiye a frape.
Kat USGS de zon kote tranbleman te 31 Jiye a frape.

Yon tranblemanntè magnitid 4,7 sou nechèl Richter la frape yon zòn ki sitye a yon distans 18 kilomet ak vil Monte Cristi nan Repiblik Dominkèn.

USGS, Sevis Jeyolojik Etazini an di tranbleman an frape a 12:37:56 (UTC-04:00) Dimanch.

Korespondan VOA Kreyol nan Fò Libète rapòte ke sekous la te simen anpil panik le li frape a, men li pat konstate okenn dega materyèl apre pasaj tranbleman an.

Fò Libète sitye anfas vil Monte Christi nan Repiblik Dominikèn. Vil sa a, Monte Christi ak Kap Ayisyen chita sou menm fay la anba latè a.

XS
SM
MD
LG