Accessibility links

Breaking News

Lachin: 74 Moun Mouri nan Goudou Goudou Ki Fèt Semèn Sa a


Bilan moun ki mouri nan goudou-goudou ki fèt semèn sa-a nan lwès LaChin moute rive 74, ak 26 ki disparèt, se sa gouvènman-an rapòte ayè Mèkredi-a, pandan fristrasyon moute akoz mezi konfinman sevè pou konbat Covid-19, sa ki anpeche rezidan yo kite building kote yo rete, apre soukous-la.

Tranbleman tè-a ki gen pwisans 6.8, ki te frape pwovens Sichuan touswit apre midi te fin sonnen lendi a, lakoz anpil dega nan kay yo nan Rejyon Ganze nan Tibè k-ap dirije tèt li, e li souke building nan kapital pwovens la, Chengdu, kote 21 milyon rezidan yo anba konfinman estrik pou Covid-19.

Apre soukous la, lapolis ak travayè lasante yo refize kite rezidan yo ki nan laperèz kite bilding apatman kote yo rete, sa ki fè moun fache ak politik estrik zero-Covid ke gouvènman an mete sou pye a, menm lè rès mond la fin re-ouvè pou aktivite.

XS
SM
MD
LG