Accessibility links

Breaking News

Yon Erè Jijman Ta Reponsab Aksidan Bato-kwazyè Italyen Costa Concordia


Nan ofraj Bato Costa Concordia a, 6 moun mouri e gen 29 lòt ki disparèt. Pwopriyetè bato a lage responsabilite aksidan an sou do kaptèn nan ki, daprè yo, ta komèt yon erè imen grav.
Nan ofraj Bato Costa Concordia a, 6 moun mouri e gen 29 lòt ki disparèt. Pwopriyetè bato a lage responsabilite aksidan an sou do kaptèn nan ki, daprè yo, ta komèt yon erè imen grav.

Pwopriyetè bato-kwazyè italyen Costa Concordia, ki te fè aksidan vandredi 13 navye 2012 la --aksidan kote 6 moun pou pi piti mouri--, pwopriyetè bato a fè konnen kaptenn nan te komèt yon gwo erè jijman. Non kaptenn nan se: Francesco Schettino.

Nan yon deklarasyon konpayi ki posede bato a fè parèt dimanch 15 janvye 2012 la, li di kaptenn nan te fè batiman an vini twò prè rivaj la kote li t al monte sou yon gwo wòch e, nan moman sitiyasyon dijans la te prezante, misye te pran desizyon ki pa t konfòm ak prensip entènasyonal responsab yon bato-kwazyè dwe suiv nan ka konsa. Konpayi an pa presize ki dispozisyon kaptenn nan te sipoze pran.

Pou le moman, kaptenn Schettino twouve li nan prizon sou akizasyon deske li komèt asasina, daprèzavwa li te fè bato a kite wout li e sitou poutèt li te kouri kite batiman an anvan pasaje yo ki t ap redi pou yo jwenn yon mwayen pou yo sove. Jous byen ta dimanch, kalkil ki te fèt te montre 6 moun mouri, tandiske 15 lòt disparèt, aprè plonjè sekouris te rive jwenn kadav 2 granmoun aje nan youn nan kabin yo.

Lè bato a te fin frape wòch la, otorite yo fè konnen pasaje yo te resevwa lòd pou yo mete jilè sovtaj sou yo epi antre nan chaloup sovtaj yo. Sepandan, bato a te panche yon bò tèlman vit, anpil nan chaloup yo pa t ka detache pou yo pran lanmè. Bato Costa Concordia mezire 290 mèt de longè e li genyen 13 etaj, 13 bar, 5 restoran, 4 pisin ak 500 sal-resepsyon.

XS
SM
MD
LG