Accessibility links

Breaking News

Nofraj Bò Kòt Itali: 3 Mò E 40 Moun Pou Pi Piti Pa Reponn Alapèl


Bato kwazyè Costa Concordia apre li fin monte sou sab toupre kòt zile Giglio, Itali.14 janvye 2012. (Reuters)
Bato kwazyè Costa Concordia apre li fin monte sou sab toupre kòt zile Giglio, Itali.14 janvye 2012. (Reuters)

Sekouris dekouvri an bòn fòm 2 sivivan andedan yon kabin bato kwazyè Costa Concordia ki t' al monte sou yon ban sab e tonbe pran dlo toupre zile Giglio, pa lwen kòt Toscane, Itali, nan nuit vandredi pou louvri samdi 14 janvye a.

Yon lòt kote, laprès nan Itali fè konnen otorite yo arete kaptèn bato "wayal as" la (de luxe). Ajans nouvèl italyèn ANSA, site yon jij lokal ki di kaptèn Francesco Schettino anba men otorite yo apre yo te pase plizyè èd'tan ap poze l kesyon sou aksidan an.

Sekouris repeche 3 kadav nan lanmè, men otorite yo di ta gen omwen 40 lòt ki pa reponn alapèl, 24 trè apre ensidan an. ANSA site fonde pouvwa lokal yo ki presize 2 fransè peri neye ansanm ak yon peruvyen ki te fè pati ekipaj la. Youn sous di te genyen plis pase 4 mil pasaje ak manm ekipaj abò Costa Concordia a, lè li te koumanse devlope kèk pwoblèm (petèt elektrik ou mekanik) toupre zile Giglio. Lè aksidan an rive a, pasaje yo tap pare pou y ’ al soupe e ekipaj la te anonse, batiman an ap fè fas yon pwoblèm elektrik.

Yon pasaje di laprès nan Itali, sitiasyon abò batiman an te sanble tèt koupe ak sitiasyon moun te wè nan film Titanic (1997) metè an sèn James Cameron nan. Sekouris ak elikoptè e ak bato sovtaj resi degaje plis pase 4 mil pasaje ak manm ekipaj andedan batiman an e transpòte yo sou zile Giglio ak nan Porto Santo Stefano

XS
SM
MD
LG