Jodi vandredi 20 janvye a , sekouris italyen yo kanpe rechèch yo t ap fè pou yo te eseye jwenn 21 moun ki disparèt, yon semèn apre yon bato kwazyè ta l echwe sou kot nòdwès Itali.
Yo sispann rechèch yo akoz kè sote ki genyen pou bato Costa Concordia a ta deplase kite resif kote li apiye a, pou l plonje pi fon nan lanmè a.
Responsab yo panse move tan ka sekwe batiman an e fè l deplase nan dlo a.
Bato a peze 114 mil tòn. Ajans nouvèl Reuters di lanmè ki ozalantou bato a se yon dlo ki ajite anpil e ka gen move tan pi ta jodi vandredi a.