Accessibility links

Kreyòl Pale: Epav, Dayiva

  • VOA Nouvèl

Wiken pase a, bato Costa Concordia, yon bato (wayal-as) ki abitye transpòte moun al paweze toupatou nan zòn touris yo atravè le mond, al chwe bò kòt yon ti zile, peyi Itali.

Bon nouvèl la, sè ke pifò nan 4 mil moun ki te abò yo chape e, jiskaprezan, dayiva, ap chèche wè si pa gen moun ki trape toujou anndan “epav” batiman an.

“Epav", men yon mo nou itilize anpil nan lang kreyòl ayisyen an.

An kreyòl, yon epav se yon moun ki pa bon pou fè anyen, se yon moun ou pa ka konte sou li, se yon vagabon, yon chomè, yon drivayè, yon san azil.

Wi, li kapab genyen tout sa sans sa yo e menm plis toujou si se pou yon fi ya p pale.

"Olye, l chèche yon travay, li prefere chita ap fè “epav”.

"Se nan fè “epav”, li ranmase 3èm pitit sa a ou wè’l gen sou bra l la a !"

«Zanmi, map di’w kichoy : pa konte sou Jocelyn pou rann ou okenn sèvis, paske misye se yon épav. Sèl sa’l pwòp, se mache flannnen epi bwè kleren.»

Men, an franse, epav se kòtòf yon batiman, yon bato (tankou Costa Concordia) ki al chwe sou yon rivaj oubyen lanm lanmè pouse voye jete sou rivaj, sou plaj la. "Lamè pase kras, nou di nan peyi Dayiti !" e se la verite.

Anpalan peyi Dayiti, nou-menm tou, nou genyen trajedi pa nou (fwa sa a pa sou lanmè.)

Nan nuit lendi pou louvri madi 17 janvye a « yon kamyon fou pati ak lavi omwens 26 moun. Se aksidan, se malè !

Se pou sa lakay nou di malè pa mal ou ankò « malè pa gen klaksòn » !

Konprann jou devenn, jou malè rive, se pa yon jou malefik, pou sa. "Malè pa mal " vle di se pa yon move sò, se pa giyon zòt ki lakòz sa.

Se kapab neglijans, se kapab defayans teknik, men se pa mal, ni malefis.

Malè pa gen klaksòn, vle di malè pa avèti pèsonn lè l pral rive. Klakson, (avertissseur en français) nou tout konnen se yon enstriman fabrikan yo mete abò yon machinn, ou yon batiman, pou avèti ou genyen yon veyikul k ap vini nan direksyon ou pou w ranje kò ou.

Malè pa gen klaksòn, vle di malè pa avèti, li pa lanse avètisman: Le malheur, n’a pas d’avertisseur. Malè ou aksidan kapab rive nenpòt ki lè, nenpòt ki kote.

Men yon aksidan, se yon bagay ou pa ka prevwa ni ou pa genyen okenn kontwòl sou li.

Genyen aksidan ere, genyen aksidan malere, tout depann. Yon dam ansent, ki fè yon aksidan machinn e ki fè yon ti pitit (pa sezaryèn) an bòn sante, san li pa genyen anyen ki kase nan kò li, se yon aksidan ere.

Pou moun dayiva (Diver ann anglè, mo ki vle di plonjè, gran najè, moun ki konn dlo) repeche vivan nan bato Itali a, aksidan sa a se yon aksidan "heureux." Se kapab yon ere aksidan tou ki fè bato a al chwe (yon defòmasyon vèb franse échouer) toupre latè fèm. Sa pèmèt pasaje ki konn dlo yo (konprann ki konn naje) pran lanmè a sou po vant yo pou y ale sou plaj la.

Men pou mwen, ki 1000 fwa pi lou pase yon kle...nan koze lanmè, pa genyen kesyon "konnen dlo".

Paske konn dlo ou pa konn dlo, nan sitiasyon konsa (nou pa bezwen al met pye’n nan dlo) pou’n reyalize nou tout nan dlo, nou tout nan malè !

Kreyòl-Pale, kreyòl konprann - yon segman Lavwadlamerik avèk Jacques Jean-Baptiste, ki envite n ekri l e voye mo ba li pou l devlope nan segman sa a. Adrès li se: jbjacque@voanews.com

XS
SM
MD
LG