Ann Itali, sekouris yo kontinye ap chache plis moun ki ta sòti vivan nan debri yon bato kwazyè ki t al monte sou yon resif epi li chavire sou kòt nò Itali.
Madi 17 janvye 2012 la, sekouris yo pèse kèk tou nan bato a pou yo chache pasaje oubyen manm ekipaj ki ta vivan toujou.
Lanmè a ki gwo anpil, bay anpil kè-sote akoz posiblite pou petwòl ta koule nan dlo a. Jiskaprezan, okenn nan prèske 2 milyon lit petwòl ki abò bato a pa koule ; men responsab yo ap pran prekosyon pou sa pa rive.
Nan ofraj Bato Costa Concordia a, 6 moun mouri e gen 29 lòt ki disparèt. Pwopriyetè bato a lage responsabilite aksidan an sou do kaptèn nan ki, daprè yo, ta komèt yon erè imen grav.