Accessibility links

Breaking News

Dewoulman yon Dyalòg pou Lapè ant Reprezantan Etazini ak Gwoup Taliban yo


Dyalòg pou lapè an Afghanistan
Dyalòg pou lapè an Afghanistan

Reprezantan Taliban yo rankontre avek reprezantan Etazini lendi 17 desanm 2017 la nan mitan mouvman pou mete presyon pou yon fen negosye nan lage afghanistan an ki gen 17 tan.

Pakistan òganize chita pale sa yo ki dewoule nan Emirat Arab Ini yo. Otorite ki te patisipe nan chita-tande sa yo pat disponib pou yo diskite sou detay negosyasyon yo. Reprezantan pou rekonsilyasyon Afghanistan an, Zalmay Khalilzad, te dirije ekip Etazini an nan chita-pale yo ki te gen patisipasyon anvwaye Pakistan, Afghanistan, Arabi Saoudit ansanm ak peyi òganizate a

Potpawol Taliban an, Zabihullah Mujahid, di reprezantan gwoup la nan chita-pale yo, te pale sèlman ak ekip Etazini an e li pa gen okenn entansyon pou l pale ak otorite yo nan Inite Nasyonal Afghanistan an. Responsab Taliban yo di nouvèl ki di se le kontrè a, se propagann.

Yon gwo otorite nan gouvenman Pakistan an ki te pale ak Lavwadlamerik a kondisyon pou nonn pa site non li di tranch Abu Dhabi-a se premye fwa nan 3 zan ke responsab gouvènman Afghan an ap reprezantan Taliban yo, yo tou 2 patisipe nan yon chita-tande lapè a.

XS
SM
MD
LG