Accessibility links

Breaking News

Yemen: 2 Pati Kap Goumen yo Rejte Pwopozisyon l' ONU an


Militè Yemen ki poste nan sou fwontyè Mukalla. 29 novanm 2018.
Militè Yemen ki poste nan sou fwontyè Mukalla. 29 novanm 2018.

Yemen, 2 pati kap patisipe nan chita tande lapè Nasyon Zini patwone a rejte yon propozisyon inisyal pou mete fen nan batay kap fèt nan vil Hodeida ki bay sou lanmè e ki enpotan anpil.

Nouvèl yo rapote kowalisyon Arabi Saoudit ap dirije a ta mete ba lèzam aloske rebèl Houthi yo ke Iran apiye e ki kontwole vil la tap bat retrèt yo. Apre sa, yon administrasyon Nasyon Zini ta pran kontwol vil la tanporèman.

Preske tout manje ak asistans imanitè pase pa vil Hodeida e batay la anpeche livrezon yo fèt. Malgre yo rejte propozisyon inisyal la, anvwaye Nasyon Zini Martin Griffiths ki tap obsève chita tande yo di se selman yon premye dokiman e yo toujou revize mòd propozisyon sa yo.

XS
SM
MD
LG