Accessibility links

Breaking News

Jounalis Sawoudyen Jamal Khashoggi ki Mouri Asasinen a Nome Pèsonalite Ane a


Moun limen balèn pou eksprime solidarite yo ak jounalis asasine Jamal Khashoggi,yo te touye nan anbasad Arabi Saoudit la nan Istanbul,peyi Tirki. Foto 25 oktòb 2018.
Moun limen balèn pou eksprime solidarite yo ak jounalis asasine Jamal Khashoggi,yo te touye nan anbasad Arabi Saoudit la nan Istanbul,peyi Tirki. Foto 25 oktòb 2018.

Jounalis sawoudyen Jamal Khashoggi ki mouri asasinen 2 oktòb pase a nan konsila Arabi Sawoudit la nan vil Istanboul nan peyi Latiki, nome " Pèsonalite Ane a."

Magazin ameriken Time pataje distenksyon sa a ant defen jounalis Khashoggi ak yon gwoup lòt jounalis. Nan gwoup travayè laprès sa a genyen journalis peyi Filipin Maria Ressa, 2 repòtè Bimani ki travay pou ajans nouvèl Reuters Wa Lone ak Kyaw Soe Oo, ki aktyèlman nan prizon.

Distenksyon al jwenn tou sal redaksyon jounal ameriken Capital Gazette pami yo 5 manm jounal la ki mouri nan atak ki te rive 28 jen 2018 la nan Annapolis, nan eta Maryaland.

XS
SM
MD
LG