Accessibility links

Breaking News

Arabi Sawoudut Kondane Rezolisyon Sena Etazuni an Adopte sou Apui Militè ameriken Nan Lagè Yemen nan


Prens Eritye Sawoudyen Mohammed Bin Salman Kap pale ak Papa li Wa Salman. AP/ Ajans Près Sawoudyen
Prens Eritye Sawoudyen Mohammed Bin Salman Kap pale ak Papa li Wa Salman. AP/ Ajans Près Sawoudyen

Arabi Sawoudit reponn sena ameriken kif-kif poutèt rezolisyon li adopte pou mete fen nan apui militè Etazuni ap bali nan lagè Yemen nan e , anmèmtan tou, senatè ameriken yo lage responsablite asasinay jounalis Jamal Khashoggi sou do prens eritye Mohammed Bin Salman.

Nan yon kominike mistè afè etranjè sawoudyen an publiye atravè ajans deprès leta li a, li di wayòm Wahabit la kondane nouvo pozisyon sena ameriken-an, paske li chita sou akizasyon san prèv, e li rejte anmèmtan tou lefèt ke Etazuni ap foure bouch li nan zafè entèn Arabi Sawoudit.

Sena ameriken te deside kontrekare administrasyon prezidan Donald Trump-la semèn pase sou dosye Arabi Sawouditt-la, kote li deside mete fen nan patisipasyon militè Washington nan lagè Riyad ap mennen nan Yemen-nan.

XS
SM
MD
LG